vendredi 26 juin 2020

Reyaksyon moun w ap dirije yo se rezilta lidèchip ou

Si legliz la te chak moun ki lakay yo san yo pa t bezwen ale nan yon kay, 200 kretyen pa t ap bezwen yon lidè. Paske, lidèchip la enpòtan kote ki gen moun san direksyon. Sa vle di, si w se yon lidè oswa ou nan plas yon lidè, direksyon fidèl yo pran an, se ou ki bay li. Si se pa sa, ou pa t janm lidè yo. Pwen final. 

Gen plizyè definisyon pou lidè. Pami yo, n ap konsidere sa a: chèf yon gwoup ki konn kòman pou l fè moun ki nan gwoup sa a swiv li. Si w ap byen etidye lidèchip Jezi, w ap remake pawòl sa yo souvan: swiv mwen, kwè nan mwen, vini, ale... Tout disip li yo te toujou obeyi l. 

Si nan yon kay, papa a oswa manman an pa ka fè pitit li obeyi l, apot Pòl, nan 1 Timote 3.4, diskalifye yon moun konsa ki ta bezwen vin chèf nan legliz la. Li pa di l pa kretyen ni la pa sove men li pa ka dirije nan legliz Kris la. Anefè, pou w vin chèf oswa lidè, toujou nan tèks sa a, apot la drese yon lis egzijans: 

1. Ou dwe san repwòch 
2. Ou dwe gen 1 sèl madanm 
3. Ou dwe yon moun serye 
4. Ou dwe konn resevwa moun lakay ou 
5. Ou dwe ka montre verite a
6. Ou pa dwe renmen bwè 
7. Ou pa dwe renmen fè zen 
8. Ou dwe gen pasyans ak kè poze
9. Ou pa dwe renmen lajan 
10. Ou dwe gen otorite lakay ou 

Jodi a, si anpil moun ki te legliz gaye, lavi y ap mennen an pa bon, nou pa dwe kouri jije yo koupab san nou pa gade responsablite nou avan. Eske nan lis 10 egzijans sa yo, ou menm ki lidè (dyak, pastè, predikatè, prezidan lajenès, prezidan dam), ou wè yo lakay ou? 

M pa ekri tèks sa a pou m jije w, ni voye monte sou ou men se pou fè w reflechi sou enpak konpòtman w, konesans ou, sajès ou nan plas ou ye a. Paske, trè souvan, nou plis wè fason fidèl yo ap mal viv, men nou pa wè si se fason n ap viv ki lakoz sa. Nou plis pale lavi kache yo san nou pa wè pa nou an. Sa pa ka kontinye konsa. Nou se lidè, reyaksyon moun n ap dirije yo se rezilta travay nou, misyon nou. 

Mwen pa kwè yo janm jije kapasite yon moun sou eskiz li, inyorans li, neglijans li ak parès li. Sa vle di, si w ap byen travay kote w ye a, se rezilta a k ap fè yo jije w. Elèv yo pa ka kreten epi pou w fò. Fidèl nan legliz yo pa Gaye agoch adwat epi w pou w bat lestomak ou di w se yon lidè, yon rasanblè. Pa gen koyerans ditou. 

Jan m toujou di l, yon paran pa ka ap di pitit li pa respekte l. Se yon desepsyon total kapital. Kòman fè pou pitit ou pa respekte w la? Se absans ou, lese ale w, mank otorite w ki lakoz sa. Kifè, irespè pitit ou genyen an se rezilta iresponsablite w. Sinon, ou pa paran, admèt sa epi fè silans. 

Lè yon elèv pa ka aprann, ou pa di l sòt. Se ou ki pa konnen pou w chanje metòd, paske chak moun gen yon Q (quotient) ki fò lakay li. Pa ka kenbe leson pa fè yon elèv kreten ni pa ka rezoud yon pwoblèm matematik pa fè l tou. Se konpetans ou ki se rezilta etid ak eksperyans ou k ap fè w konnen ki metòd pou w itilize nan tèl sitiyasyon. 

Sa fè lontan, n ap fè moun reyini legliz pou swiv leson dominikal, lapriyè, chante, tande prèch epi n a rewè dimanch. Nou dwe fè yon ti pase men nan sa e Covid-19 la montre nou nesesite a. Nou pa ta ka atann jan nou t ap adminsitre legliz la ta pral fè kretyen sou lapriyè lè pòt kay la (se pa legliz la) fèmen. Yo pa t janm gen abitid, majorite, fè sèvis lakay yo (legliz lafami). Okontrè,  gen anpil moun ki pote move non nan òganize priyè ak etid lakay yo. Yo toujou di y ap fè legliz. Ebyen, apa jodi a, se konsa l ye. Ou wè si n te kite l mache konsa pa t ap gen pwoblèm.

M pa ekri tèks sa a pou tag pèsonn men pou voye yon mesaj bay tout lidè nan legliz Kris la pou yo tou pwofite Covid-19 la pou yo chanje metòd yo. Se senp, nou pa bezwen nan fè deba ak kòlè, reyalite a montre lidèchip nou yo dwe chanje. Chanjman sa a pa ka yon pwoblèm paske li nesesè e konsekans yo evidan. 

Pou m fini, lè mwen t ap dirije legliz, mwen te kite pawòl la dirije aksyon m yo, inisyativ mwen yo. M pa di m te san kritik men omwen m te ka twonpe nan pran inisyativ men pa nan rete de(2) bra kwaze, kritike, sanksyone, voye monte. M te toujou vle wè devwa m, responsabilite m nan tout deriv. Si 2 jèn ap joure pandan m la, sa vle di prezans mwen pa enpakte yo. Di yo frekan pi fasil men reflechi sou kòman m ka evite sa difisil e se li ki dwe fèt la. 

Nan plas rete lakou ou, nan biwo w antanke lidè pou w ap di fidèl yo pa vin legliz pa serye. Yo gen kay tou, e yo bezwen pou w pase wè yo pou w konstate ak de grenn je w kòman y ap viv. Li pi fasil pou w kwè sa yo vin di w pase w chache konnen si se vre. Atitid sa a detwi relasyon pastè-fidèl la e ankouraje chit. 

Nou p ap dirije pou n detwi mouton yo. Yo sou kont nou. Se nou ki lidè yo se pa yo ki lidè nou. Se nou ki dwe egzanp pou yo, se pa envès la. Nan non Jezi Sovè nou, mwen mande pou n repanse lidèchip nou. Se pou n jene pou n wè si lidèchip nou pa responsab avan nou bay reyaksyon fidèl yo responsab. 

Kòmantè: https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=336186644034635&id=100029299054022

JDE
16 jen 2020

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...