jeudi 12 septembre 2019

Nan ki tan lavi w ye ?



Louis Bourdaloue te di : « Pa gen anyen ki gen plis valè pase tan, pwiske se sa pou n peye pou n jwenn letènite.» Konsa, tan w ap viv sou latè a detèmine tan ou pral pase nan letènite byenere ou malere. Lè yon moun di li pa gen tan pou l sèvi Bondye, sa vle di letènite byenere a pa entèrese l, paske yon moun ki vivan ap viv nan tan li vivan an, e tan chak moun detèmine kote li prale lè l fin mouri.

Pèsonn pa’t janm kretyen nan yon tan. Se swa ou sa, swa ou pa sa, e lè se sa ou ye, se sa ou ye pou tout lavi, paske delivrans Bondye a divize lavi pechè a nan de tan : lontan e koulye a. Pechè a sonje kòman lavi li te ye lontan nan peche men li motive pou l genyen batay nan tan k’ap vini an.

 Apot Pòl te fè deklarasyon sa a : « Nan tan lontan, nou te nan fè nwa. Men koulye a, paske n’ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k’ap viv nan limyè a.” (Efezyen 5.8). Ak deklarasyon sa a, nou ka distenge de tan nan lavi pechè a: lontan, li te nan fè nwa e koulye a li nan limyè.

Chak tan gen prens pa li : prens fè nwa a se Satan e prens limyè a se Jezikri. Kidonk, tan w ap viv la tou di nan ki wayòm ou ye.

 Si moun ki nan Kris la se limyè, zèv li yo ap fè wè limyè a e tout moun ap ka wè l paske limyè kretyen an dwe klere devan tout moun pou lè yo wè tout byen l’ap fè yo, pou yo ka fè lwanj Papa li ki nan syèl la. (Matye 5.16) Menm jan an tou, moun ki nan fè nwa a fè zèv fè nwa e tout moun ka wè zèv ki nan fè nwa yo aklè (Galat 5.19-21)

Alò, nan ki tan lavi  w ye ? Eske li nan fè nwa oubyen nan limyè? Si li nan fè nwa, reveye w nan dòmi pou Kris la ka klere lavi w (Efezyen 5.14) e si se nan limyè lavi w ye, se pou li klere devan je tout moun.

Pase yon bon jounen  !

Jérôme Dorsonne Emerson

jeudi 25 avril 2019

Non, konnen pwoblèm yon moun pa sifi pou kondane l


Non, konnen sa yon zanmi ap sibi, move van l ap fè fas, akizasyon ki sou do l pa sifi pou w jije l e kondane l.

Si w te la, si w te nan plas li, si w te anfas li, si w te pran ti tan pou w pale avè l, m garanti w t ap konprann li e w t ap sispann fè move panse de li.

Li fasil pou n kouri di sa n panse paske n pa bezwen achte ni depanse yon pyas. Jis louvri bouch ou epi w pale. Ak rezo sosyal yo menm, ou pa nan fè efò menm. Pawòl gaye nan kat kwen mond lan nan yon pousyè segonn.

Men, reflechi byen, aprann sa, tout sa w wè ki vin fasil prale fasil. Jan w te pran nouvèl la san w pa t atann nan se konsa l prale san w pa t atann. Lè sa, pinga w etone non paske si te gen swivi nòmal ki te fèt, li pa t ap disparèt rapid.

M garanti w, yon zanmi ki leve nan menm lakou, zòn avèk ou pa menm ak sila ki fè tout klas li avè w ni kòlèg nan travay ou. Gen yon zanmi w toujou sonje menmsi l mouri, gen yon lòt ki soti nan lespri w nèt. Yo pa t vin menm jan.

Gen pwoblèm ou genyen ki pa la jodi a. L ap bouyi lontan, ou pran pasyans, ou itilize tout estrateji pou w rezoud li jis li vin sanble pa gen solisyon. Se souvan nan ka sa yo, gen moun ki tiye tèt yo, vin bandi, deraye, fou nan lari. Pa gen anyen ki fèt san rezon. Toutotan w pa konn vrè rezon an, evite pote jijman.

Gen moun k ap fini sou pye ki pa la manje, ki pa gen kè kontan e ki pap viv nan yon bon kay poutan l gen lajan. Men gen yon pwoblèm k ap trakase l, ki retire tout gou lavi, tout plezi, tout lwazi. Li fasil pou w di l chich, li kras, li salòp, li egare, l ap adore lajan, l ap sere lajan men anverite si w te konnen vrè koz pwoblèm li, ou te ka kriye nan plas li.

W ap toujou konnen lè yon moun malad, lè li razè, lè l fè yon vye zak, lè l mouri men w pap toujou konnen rezon ki lakoz sa. Alò, pwiske w pa konnen tout bagay, pa kouri jije pèsonn sou sa w tande.

Sajès pa vann nan mache, poutan li gratis tout kote men fò w rich anpil pou w jwenn li.

Lè w aprann reflechi w a konprann.

Jérôme Dorsonne Emerson

mercredi 2 janvier 2019

Libète ak libètinay



Olye m mache nan vye chemen inyorans ak imoralite trase, m pito fè wout pa m epi mache pou kont mwen.

M konnen m pa ka chanje lemond men m pap kite lemond chanje kwayans mwen.

M konnen tout moun pa ka menm jan avè m men m pa p kite pèsonn fè m bliye idantite m nan Kris.

Kretyen pa vle di m pa ka pran plezi men m pap kite tout plezi fè m bliye kòm se tanp Sentespri.

Kretyen pa vle di m pa ka renmen men m pap fè sèks toutotan m pa marye.

M konnen lajan enpòtan men m pap kite l fè m bliye ke moun, fwaye m, zanmi m ak fwa mwen gen plis valè.

Kretyen pa vle di m pa ka ale oswa itilize WhatsApp ak Facebook, men m pap kite l fè m neglije misyon m antanke kretyen ki se adore Bondye e evanjelize.

Kretyen pa vle di m pa ka fè foto poste sou Facebook ak nan status WhatsApp mwen, men m pap fè foto dekole pou m sal Tanp Kris la.

Kretyen pa vle di m pa ka bay blag, men m pap pwofite di betiz ni minimize yon lòt.

Mwen konnen se pa aparans ki enpòtan men sa pa vle di pou m mache sal ni met rad pachiman.

M se kretyen
M se sitwayen

JDE
@ Desanm 2018

ROSE ET NOIRE


La vie est rose, la vie est noire.
Tantôt rose,
tantôt noire.
Rose et noire.
Choses et pouvoirs.
Clauses et devoirs.

Le tic-tac du suspens fatal rythme le silence qui enveloppe mes peurs. Je sens arriver le malheur tel un char de deuil qui parcourt la terre de la Rome antique. Mais quel est ce silence qui parle si fort?

Mes oreilles ont écouté tous les amphigouris du coin. Rien, vraiment, ne m'est étrange dans cette feue société victime de l'insécurité mentale.

Aujourd'hui, c'est le bonheur. Demain, c'est le malheur. Le souffle vient, il s'en va. La joie, ici-bas, n'est pas amie du toujours, mais du parfois, et pour plus d'un, du jamais. Certains la volent, mais elle s'enfuit toujours. Pourtant, elle est là, difficile de la saisir quand l'obscurité la cache sous ses ailes.

Non, ce n'est pas le soleil qui donne la lumière. C'est l'ouverture des yeux. Ce n'est pas son coucher qui produit l'obscurité. C'est la fermeture de ces yeux quand le sommeil drogue le psyché.

La vie vient en paix, elle laisse la guerre à son départ. La seule personne qui est toujours joyeuse est la mort, cette épouse infidèle de l'existence. Je parie qu'elle serait moins cruelle si elle avait un cœur dans un corps mortel. Dommage.

La vie est rose, la vie est noire.
Parfois rose,
souvent noire.

Rose et noire.
Choses et pouvoirs.
Clauses et devoirs.
Pause, au-revoir.

JDE
@ Décembre 2018

Le monde serait tellement beau


Contente-toi de la petite place que chacun veut te donner dans sa vie et travaille pour que tu mérites mieux que ça.

Ne te plains pas de ceux qui t'oublient, car toi aussi, tu as beaucoup de personnes à qui penser et qui pensent à toi.

Le monde serait beau si chaque personne qui y vit était satisfaite du morceau de gâteau qu'on lui partage sur la table du vivre ensemble.

Jérôme Dorsonne Emerson

Les choses dans nos relations


A force de grandir, j'arrive à comprendre certaines choses qui m'ont été complètement inimaginables. Mais bon! il y a une tant de choses dans la vie qui sont des  mystères. On te previendra, tu ne croiras pas jusqu'à ce que le temps, aussi fidèle qu'il soit, te dévoile la vraie nature de ce qui te paraissait impossible.

Et je conclus que notre plus grand ennemi sur terre n'est nullement nous-même mais la place que nous donnons aux choses dans nos relations.

Un jour, comme moi, tu comprendras.

JDE

12 rezon pou w pa kite legliz ou




Premye koze

Kite legliz se premye desizyon ki toujou vini a chak fwa gen yon pwoblèm. Nan yon tan ki pa konte, nou pral analize 12 rezon ki ta dwe fè yon kretyen pa kite legliz li.

Objektif sijè sa se pou kontribye nan yon pwosesis k ap mennen chanjman, priz konsyans, yon lòt lidèchip ki chita plis sou rezoud pwoblèm ki mennen koz pase jere pwoblèm ki soti nan konsekans yo.
Ou ka pataje refleksyon yo, kòmante yo e poze kesyon sou rezon ki trete a.

Premye rezon

Sans legliz la te genyen lè w tap kite lemond
Avan ou te pran desizyon konvèti, ou te wè legliz la te pi bon kote pou w vini. Petèt, se yon maladi, pèsekisyon, menas, zafè dyab rasyal ki te fè w vle kite lemond.

Nan premye jou yo, ou te santi w byen. Akèy yo te ba w te fè w santi w lakay ou, ou te dwe depi lontan.  Sa te menm fè w jire pap janm kite l jiskaske Jezi retounen.
Poutan, lè prèske tout bagay vin chanje, ou kòmanse panse pou w kite, swa pou w al nan yon lòt, swa pou w retounen nan vi w tap mennen yo.

Men si w te konnen vrè sans legliz la parapò ak nati lòm, travay enmi an, ou pa tap kouri pran desizyon kite l san w pa konnen poukisa ou menm ou la.

Sans legliz la

Legliz la gen 2 sans: yon sans lokal, yon sans inivèsèl.

1. Sans lokal

Nan sans lokal la, legliz la se yon kay oswa yon espas kote yon asanble reyini pou selebre lanmou Kris la, anseye nouvo konvèti yo pou fè yo pratike kòmandman l yo. Nan sans sa a, se asanble a menm ki legliz la, e non kay osinon espas la byenke se kontrè a ki plis aplike.

Men reyini menm kote pa vle di pataje menm kwayans e gen menm esperans, sitou si tout manb yo lib pou yo kwè sa yo vle e pèsevere selon nivo angajman yo. Paske tout moun ou pa ka fòse obeyi ka dezobeyi oswa revòlte pou defann opinyon pa l.
Reyalite sa fè se pa tout manb legliz la ki se vrè kretyen. Sa pa dwe etone w ni dekouraje w paske menm 12 disip ki tap mache ak Kris yo pat kwè nan li jis youn te trayi l, youn te renye l e youn te doute de li. Men sa pat fè l te vrè pitit Bondye a e akonpli misyon li sou latè. Anyen pat anpeche l fè volonte Bondye. Okontrè, se kote w jwenn plis pwoblèm nan w ap konnen si w gen apèl ou vre paske sinon, pou pwoblèm ki gen legliz nan jere moun ak byen, anpil pastè tap bay vag deja, alewè yon senp manb.

2. Nan sans inivèsèl la

Nan sans inivèsèl la, legliz la se tout moun ki sove nan lemond, kidonk, nan tout legliz lokal ki sou latè. Pou egzanp, li posib pou 5 manb nan legliz ou vle kite a fè pati milyon kretyen ki sove deja. Èske w pa youn ladan yo? Si wi, se la w te jwenn konesans pou w sove, pa vre? Sa vle di, li pa pi mal pase sa.
Reyalite legliz la nan 2 sans li yo pa chanje nan nenpòt legliz ki sou latè. Avèk premye rezon sa, ou ka kòmanse repanse pwojè pou w bay asanble  w ap mache a vag.

Ann swiv👇
Dezyèm rezon: Legliz la te gen pwoblèm depi nan kòmansman

Jérôme Dorsonne Emerson 

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...