mardi 7 juillet 2020

Kèk erè pastè yo fè nan leve pitit yo

|FANMI KRETYEN 

Oscar Wilde te di: “Timoun yo kòmanse renmen paran yo lè yo piti. Kou yo gran, yo jije paran yo. Pafwa, yo konn padone yo”.

Daprè pawòl sa a, okenn paran pa dwe kontante l nan renmen pitit li pandan li piti pou l neglije edikasyon li. Lè m pale de edikasyon, m wè fòme yon timoun selon prensip moral yo. Se pa fòse timoun lan pran karaktè w ak fè tout sa w vle.

Daprè Jean-Jacques Rousseau, se ak ledikasyon yo fasone moun. Sa vle di, ou pa
trete timoun nan tankou esklav ni tankou delenkan. Pandan l ap grandi, li dwe aprann nan men w nan libète. Li ka poze kesyon, li ka aksepte e rejte e li gen dwa pou l dezire tou. Lè sa pa fèt, timoun sa grandi ak yon lespri pou l vanje. Li pa ka tann lè li gran pou l viv jan li vle. Alòske, si li te jwenn yon edikasyon nan tolerans, paran an t ap ka ede l devlope santiman li pou l fè byen.

Nou tout konnen nou ka fè timoun men nou pa ka fè santiman yo. Sa ki dwòl la, ou ka pouse timoun sa a gen move santiman parapò ak jan w trete l. Ebyen, se konsa tou, ou ka fè l gen bon santiman si w byen trete l. Ofinal, se ou ki montre pitit ou kòman pou l viv. Aksyon ou yo dikte l sa pou l fè.

Annou wè kèk erè pastè yo oswa nenpòt paran kretyen ka fè nan leve pitit yo.

1. Fòse yo konvèti

Konvèti dwe yon desizyon pèsonèl, lib e byen kalkile. Yon fwaye kretyen pa dwe yon tribinal pou jije timoun ki pa kretyen, li dwe yon lekòl pou aprann yo aji byen. Anpil timoun vin delenkan malgre yo leve nan yon fanmi kretyen. Koz la senp: yo pa t janm aksepte Kris ak volonte yo. Kontrent, perèz pou yo pa t sanksyone yo te fè yo dakò men se lè yo grandi, paran yo ap wè kilès yo ye tout bon.

2. Fè yo konvèti nan timoun

Sou pawòl Oscar Wilde la, nou ka konprann timoun p ap rete timoun. Plis y ap grandi, y ap konprann chwa y ap fè ak lòd y ap pran. Sa pa vle di yon timoun pa ka konvèti tout bon men sa dwe desizyon pa li e non yon pwogramasyon pou fè l chwazi san konprann. Sa bèl lè timoun ap evolye legliz, men evolisyon sa a pa ranplase repantans. Timoun nan ka konn chante, jwe mizik, preche e fè lòt sèvis san l pa kretyen. Nou dwe konnen se pa abitid ki krisyanize moun, se batèm Sentespri a. Konsa, ou te mèt fèt e mouri legliz, si w pa t janm resevwa batèm Sentespri a, ou p ap sove.

3. Enfliyanse chwa santimantal timoun yo

Si yon timoun jwenn bon levasyon, li pa bezwen dikte nan chwa l ap fè. Levasyon sa a dwe yon gid, yon liy pou l swiv san kontrent. Si li toujou bezwen vyolans vèbal oswa fizik pou l byen aji, li pa t byen elve vre, li te wobotize.  Nan yon sans, chwa yon timoun se rezilta edikasyon paran l. Nan ka chwa sa a pa ta bon, devwa paran an se dyaloge ak konseye. Eksperyans montre vyolans pa rezoud pwoblèm sa yo.

4. Sanksyone santiman yo sou baz levanjil

Pitit yon pastè pa yon ti pastè ni ti pastorès. Pitit yon kretyen pa yon ti kretyen ni fòseman yon fiti kretyen. Tou de (2) sa nou site la yo dwe rezilta bon levasyon. Sa vle di, pitit ou tèlman byen resevwa fòmasyon nan men w, li mennen tèt li byen e se lè sa a ou fyè. Lè pitit ou fè yon move zak, li abiye tankou monden, li pa gen konpòtman kretyen, se pa sou baz levanjil pou w sanksyone li, tankou li te dwe aji
tankou ou. Okontrè, si li te byen leve nan levanjil, kòman li fè pa aji tankou yon kretyen? Sa jis vle di edikasyon an pa t byen fèt.

Yon avoka pa ka sanksyone pitit li paske li vyole lalwa ni yon machann manje pa ka joure pitit li pou pa konn fè manje. Timoun pa eritye fidelite paran, se bon levasyon ki fè yo angaje yo ak Kris pou yo vin fidèl.

Lè Bib la di pou n bay timoun yo bon levasyon (Pwovèb 22.6), li pa mande nou pou n fòse yo tankou nou paske Bondye pa fòse pèsonn kwè nan li. Depi gen fòse, pa gen bon levasyon, se alyenasyon ki se yon seri prensip ki kontrenn yon moun aji san volonte li e san konprann.

Chak fwa eksperesyon “selon le Seigneur”parèt nan Bib la, nou dwe raple nou karaktè Bondye ki pa diktatè men demokrat. Antanke yon Bondye jis, li pa ka fòse moun adore li men chak moun ap peye pou chwa yo fè.

Konsèy pou pastè ak paran ki konsène yo

Reli tèks sa a epi jije travay ou antanke edikatè pitit ou. Pote koreksyon, kenbe sa ki bon an epi chache lòt mwayen pou kontinye byen leve pitit ou.

Konsèy pou timoun ki konsène yo

“Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l. Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè”. (Efezyen 6.1-3)

Si paran nou fè erè, nou pa oblije fè l tou. Anpil fwa, se dezobeyisans nou ki fè paran nou mal aji. Annou obeyi yo pou travay y ap fè a ka fèt pi byen.

Jerome Dorsonne Emerson


lundi 6 juillet 2020

Sa w te fè ak sa w ap fè koulye a

| MOTIVASYON 


Nan nenpòt moman ou ye nan lavi w, l ap toujou divize nan de (2) pati: ayè ak jodi. Ayè w se pase, jodi w se prezan. 

Sa w te fè, moun ou te ye a, jan w te konprann lavi a dwe toujou nan pase. Kanta pou prezan w lan, ou dwe meyè. 

Pa reyaji kont anyen ki nan pase w. Ou pa nan nivo sa a ankò. Ou pase etap la, koulye a, w ap pran yon lòt. 

Moun k ap pale de pase w la poko gen nouvèl vèsyon aplikasyon detèminasyon w. Si w bay sa y ap di valè, sa vle di w pa fè pwogrè. 

Se pou w kontan chak fwa w reyalize moun ou vin ye a lwen moun yo panse w ye a. Pwofite ri, apresye efò w fè ak eka ou kite ant sa w te ye, sa w te fè ak sa w ye e sa w ap fè. 

Ou pase twòp mizè pou w rive la epi pou w kite yon pawòl, yon panse, yon lojik fasil fè w tounen dèyè. Ou nan vrè chemen an.

JDE

dimanche 5 juillet 2020

Entre ami ou ennemi, l'honnêteté est nécessaire

|SOCIÉTÉ

L'amitié, comme l'amour, peut exister en un clin d'oeil, mais pour qu'elle dure, il faut apprendre à la gérer, quitte à se défaire des amitiés infertiles. Sinon, elle mourra de sa naissance précoce. 

Quelqu'un a dit: "Tu as le droit d'être mon ami, tu as aussi le droit d'être mon ennemi, mais de grâce, ne sois pas les deux à la fois". Et oui! Certaines personnes essaient d'utiliser les deux visages pour marquer leurs présences dans la vie d'autrui. 

Tu n'es pas obligé de vivre une amitié si elle n'est pas sincère. Tu te fais du mal alors que tu peux l'éviter sans être redevable à personne. C'est ton droit. Idem si tu choisis de devenir un ennemi, mais c'est improbe de vouloir les deux à la fois. Le résultat mène à la faux-culterie. 

Tristan Bernard eut à dire ceci: “L’honnêteté n’est pas un habit des dimanches, mais un vêtement de tous les jours.” Dans ce cas, sois ami ou ennemi, mais sois honnête. 

JDE
Twitter/ Instagram/ Facebook 

Meditasyon pou jounen 5 jiyè 2020 an



|ETID BIBLIK

Nan lespri nou, pi souvan, peche se lè yon 
moun tiye yon lòt, li vòlè, yon madan marye twonpe mari li, yon jèn kretyen fònike oswa yon moun ki renmen lajan. Tandans sa a soti nan 10 kòmandman yo ki pale de krim, adiltè, vòl, tantasyon, idolatri, elatriye. Poutan, nan pèspektiv Bib la, ou peche chak fwa ou dezobeyi kòmandman Bondye yo (1 Jan 3.4). E kòmandman Bondye yo se tout sa ki pa dakò ak volonte li. Kifè, pa gen ti oswa gwo peche. Tout peche se peche. 

An reyalite, gen peche ki pi grav pase yon lòt men se pa gravite yon peche ki fè yon lòt peche bon ou pa twò mal. Nan istwa ki rakonte nan Bib la, n ap remake gen sèvitè Bondye ki te mouri akoz yon peche nou ta di ki piti e gen lòt ki te sove malgre peche nou ta di ki gwo. Se entansyon nou ki pi gwo 
pwoblèm nan.

Nou pral medite ansanm sou Jak 4.17 la pou n wè kòman nou ka evite fè peche san nou pa fè youn nan lis nou te site anlè yo. 

Si w bezwen dokiman sa a ki nan fòma PDF, kopye lyen sa a epi kole l sou Google, w ap ka li oswa telechaje li gratis: https://drive.google.com/file/d/1P210jaBbZwGxODw4d4pm1r00QH3EQg-d/view?usp=drivesdk

Oswa mande l nan 3639-6642 sou WhatsApp. 

Jérôme Dorsonne Emerson
 Ekriven
J&L

Ce que tu fais détermine ton jugement

|ÉVANGÉLIQUE

L'infidélité des chrétiens ne justifie ni ton immoralité ni ton refus du salut. Chacun paiera pour les péchés qu'il aura commis. 

Un soi-disant chrétien qui décide de mener une vie de débauche paiera pour ses péchés. Et si à cause de cela, tu choisis de vivre dans le péché et d'ignorer la nécessité de te sauver, tu vas payer aussi pour tes péchés. 

Tout chrétien doit être fidèle et exemplaire peu importe son service à l'église certes, mais il n'est écrit nulle part dans la Bible que le paradis est à ceux qui ont péché consciemment et qui justifient leur état sur l'infidélité des croyants. Si tel était le cas, Jésus ne serait pas le modèle parfait, l'unique chemin qui mène à son Père (Jean 14.6). 

De même que personne ne peut te juger pour tes péchés, tu ne peux pas non plus te juger bon en faisant le péché. Il est réservé à Dieu de juger les bons et les mauvais au temps qu'il a fixé. Et voici ce que dit la Bible à ce propos:

"Ne vous étonnez pas de cela; car l'heure vient où tous ceux qui sont dans les sépulcres entendront sa voix, et en sortiront.

"Ceux qui auront fait le bien ressusciteront pour la vie, mais ceux qui auront fait le mal ressusciteront pour le jugement."

Jean 5.28-29

À bon entendeur....

JDE

samedi 4 juillet 2020

Volonte ak pasyon, kilès ki gen plis pouvwa sou ou?

|FILOZOFI SANTIMANTAL|

Kèk fwa, ou ta di renmen se yon santiman ki aktive lespri nou sou yon moun san n pa ba l lòd. E dèfwa, se nou menm ki dikte lespri nou kilès pou n renmen. 

Tout sa m vle ta dwe bon paske m reflechi avan m chwazi. Se dezi m, se chwa m, poukisa m pa jwenn sa m vle a? E yo di m: depi m vle, m kapab. M vle twòp m pa janm kapab. Kisa ki lakoz sa? Ta sanble volonte m pi fèb pase pasyon m. 

Pasyon m se yon bann santiman vagabon, vyolan, dechennen, rapid k ap dikte m, aji sou volonte m, fè m vle sa m pa dakò epi kou m fin reflechi, m wè m te nan erè. 

Èske se sa m vle ki domine m osinon pasyon m k ap mennen volonte m? Lè m byen gade, m wè m pa kapab men gen yon fòs k ap tingting mwen pou m aji kont mwen menm. Li tèlman nwi m, espyone m, bwase bil mwen, m pèdi kontwòp tèt mwen. 

Mwen di l mwen renmen l, li di m, yo di m fou. M pa wè nan je, kote m ka gen entèl. M pa vle kwè sa, m vle kwè sa volonte m vle a. Men, èske m pa fou vre? Kòman k fè pa ka wè sa yo wè a? Volonte m vle men genlè pasyon m pa dakò. 

San dout, se paske kapasite pou m konprann fèb ki fè m pa ka fè diferans ant lè volonte m ak pasyon m ap travay. 

JDE

Senk kalite moun pou w remèsye nan lavi w

|LEKÒL LAVI| 

Tèks sa a se premye nan ribrik LEKÒL LAVI. M ap pran plezi nan kòmante anpil bèl panse ki popilè sou rezo sosyal yo pou m rafrechi memwa lektè m yo sou devwa yo, gratitid yo ak aksyon yo nan sosyete a. 

Men senk moun pou w di mèsi nan lavi w. Lè w fin byen li e reflechi sou sa, w ap wè viv ak kè kontan an se ou ki pou bay tèt ou li. 

1. Moun ki enkyete pou ou 

Yon moun ki enkyete pou ou pa vle malè rive w. Li pa santi l an repo tout tan li pa wè w retounen kote w te ale a. Li vle gen nouvèl ou chak fwa li panse ak yon malè ki ka rive w. Remèsye moun sa yo anpil. 

2. Moun k ap korije w

Natirèlman, nou pa renmen koreksyon. Nou vle fyè nan tout sa n fè e di. Toutfwa, si w pa renmen yo pale mal nan do w, ou dwe renmen koreksyon paske se souvan moun ki pè oswa ki pa vle korije w la k ap pale w mal nan do w. Di moun sa a ki toujou ap korije w la mèsi. 

3. Moun ki toujou bò kote w

Kisa ki tèlman bon nan ou pou yon moun bezwen rete bò kote w? Valè moun ak plezi ki gen nan monn sa a, poukisa se kote w zanmi sa, fanmi sa a vle rete? Si w ta jis panse ak moun ki pa ka sipòte w, ou ta dwe di moun sa a mèsi paske li pwouve w pa move moun vre. 

4. Moun ki toujou vle wè w ap souri 

Souri vle di anpil: lajwa, sediksyon, lespwa, satisfkasyon. Moun ki vle wè w toujou ap souri vle pou w viv ere. Pa neglije di yo mèsi.

5. Moun k ap di w verite

Verite blese men manti tiye. Pito yon moun blese w, w a geri pase pou l tiye w. Si w pa renmen yo trèt ou, aprann apresye moun onèt. Yon senp mèsi ka sifi si m di w sa w fè a pa bon. 

Lavi a se yon lekòl. Ann pa sispann aprann. 
Sous👇

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...