mardi 12 avril 2016

Rezilta evanjelizasyon an

Meditasyon pou jodi a, No 167
Madi 12 avril 2016

 Rezilta evanjelizasyon an

(Kisa pou m fè si m tonbe ansent ?: Refleksyon sou maryaj ki fèt akoz gwosès. Me 2016)

Si moun w’ap evanjlelize a pa kwè nan Jezi, pinga ou dekouraje, kontinye bay lòt moun levanjil la paske Jezi ki mèt levanjil la, te konnen ke tout moun pa tap kwè nan li. Li te deklare : « Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men moun ki pa kwè va kondane » (Mak 16.16). Kidonk, se pou w toujou  atann ak de rezilta lè w ap evanjelize.

1.       Yon rezilta pozitif

Moun k’ap tande w la kwè nan sa w ap preche a. « Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre ». Batèm dlo a montre ke moun nan gen lafwa. Se pa yon kondisyon pou yon moun sove, paske se sèl Jezi ki ka sove. Dlo a pa gen pwisans pwiske li se yon eleman nan lanati, li pa ka rejenere lòm. Sepandan, si yon moun ki kwè refize batize, li pa kwè nan Jezi vre oubyen li pa konprann ki sa konvèsyon an ye.

2.       Yon rezilta negatif

Moun ki koute w la pa kwè nan sa w di a : «Men moun ki pa kwè va kondane ». Se pa ni ou menm ni Jezi k’ap kondane moun lan men se li menm menm ki fè sa. Jezi pat vin sou latè pou l kondane (Jan 3.18).  Pakont, yon moun ka chwazi kondane tèt li : « Men ki bò kondanasyon an soti pou yo : limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fè nwa a pase limyè a, paske sa y’ap fè a mal. » (Jan 3.19).

Toujou gen yon rezilta lè w ap evanjelize. « Jezi renmen w » se yon fraz senp ki di anpil bagay. Menmsi moun lan pa reponn, kontinye simen pawòl la, Bondye ap fè rès la. Pa fòse pèsonn konvèti, preche verite a jan li ekri nan Bib la. Pa chanje mesaj la pou fè pèsonn plezi. Levanjil se yon pwisans ki ka libere pechè a, men fòk ou di l verite (Jan 8.31-32).

Pase yon bon jounen !
Jérôme Dorsonne Emerson



Les résultats de l’évangélisation

Méditation du jour, No 167
Mardi 12 avril 2016

Les résultats de l’évangélisation

(Kisa pou m fè si m tonbe ansent ?: Refleksyon sou maryaj ki fèt akoz gwosès. Me 2016)

Si celui que vous évangélisez ne croit pas en Jésus, ne soyez pas découragé, continuez à proclamer l’évangile à d’autres personnes parce que Jésus, le maître de la mission, savait que tout le monde n’allait pas croire en lui. Il a déclaré : « Celui qui croira et qui sera baptisé sera sauvé, mais celui qui ne croira pas sera condamné. » (Marc 16.16) Par conséquent, attendez-vous toujours à deux résultats quand vous évangélisez.

1.       Un résultat positif

La personne qui vous écoute croit en votre prédication. « Celui qui croira et qui sera baptisé sera sauvé ». Le baptême d’eau est l’expression de la foi du croyant et non la condition de son salut, car Jésus seul peut sauver. L’eau n’a pas cette puissance puisqu’en étant un élément de la nature, elle ne peut pas régénérer l’homme. Cependant, si un croyant refuse de se faire baptiser, c’est qu’il ne croit pas vraiment en Jésus ou qu’il n’a pas compris le sens de la conversion.

2.       Un résultat négatif

La personne qui vous écoute ne croit pas en votre prédication : « mais celui qui ne croira pas sera condamné. » Ce n’est ni vous ni Jésus qui la condamne, mais lui expressément. Jésus n’était pas venu dans le monde pour condamner (Jean 3.18). Par contre, on peut choisir d’être condamné : « Et ce jugement c'est que, la lumière étant venue dans le monde, les hommes ont préféré les ténèbres à la lumière, parce que leurs œuvres étaient mauvaises. » (Jean 3.19)

Il y a toujours un résultat quand vous évangélisez. « Jésus vous aime » est phrase simple qui dit beaucoup. Même si personne ne répond pas, continuez à semer la parole, Dieu s’occupera du reste. N’efforcez personne à se convertir, prêchez la vérité telle qu’elle est écrite dans la Bible. Ne changez pas le message pour plaire à personne. L’évangile est une puissance qui peut rendre le pécheur libre, mais il faut lui dire la vérité (Jean 8.31-32).

Bonne journée !

Jérôme Dorsonne Emerson

lundi 11 avril 2016

Mennen nanm yo bay Kris

Meditasyon pou jodi a, No 166
Lendi 11 avril 2016

Mennen nanm yo bay Kris

Nan liv li a ki se “Gagner des âmes – oui, mais comment?”, Charles Spurgeon (1834-1892), te ekri : « Mwen vle mennen nanm yo bay Kris, se pa daprè sa m konprann sou lafwa kretyen an». Evanjelize, se preche levanjil ak moun ki pa kwè yo pou Jezi ka sove yo. Se pa ni evanjelis la ni pastè a k’ap sove. Yo se mesaje, anvwaye, kannal, zouti, pwoklamatè men moun k’ap sove a rele Jezi. Genyen plizyè rezon ki fè w dwe mennen nanm yo bay Kris.

1. Mak 16.15 : « Kris se mèt misyon an »

Menm jan Bondye te voye Jezi a, Bondye te voye disip li yo tou (Jan 17.18). Se li menm ki te di : « Se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan » (Jan 6.38). Menm jan an, lè wap evanjelize, ou dwe fè volonte Jezi.

2. Travay 4.12: “ Se sèlman nan non Kris ki gen delivrans”

Gen kèk evanjelis ki gen tandans preche delivrans nan non fondatè denominasyon yo, sèk yo oubyen relijyon yo. Yo drese yon lis bagay pou fè ak kwè pou w ka sove. Se pa vre, pa gen delivrans nan lòt moun ke Jezi paske pa t gen pyès fondatè relijyon ki te vèse san li pou limanite. Tout bagay te kòmanse nan Jezi e tout bagay ap fini pa li menm.

3. Jan 14.6 : « Kris se sèl chemen pou pase pou al jwenn Papa a »

Pa gen ni de ni twa chemen pou pase al jwenn Bondye. Konsa, Kris pa yon chemen men li se chemen ki mennen kot Bondye. Pyès relijyon pa ka sove ou. Tout doktrin ki pa gen Jezikris kòm fondman se yon kòve devan delivrans Bondye a (1 Korent 3.11).

4. Jan 8.36 : « Vrè libète a se nan Kris li ye »

Pafwa, yon nouvo konvèti temwanye : « Mwen resi jwenn verite a. Sa fè lontan mwen te nan erè ». Si verite sa pa soti nan pawòl Kris la, l’ap rann ou esklav lòm, paske Jezi te di : « Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N’a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou ».

5. Jan 10.28: “Lavi Jezi bay la pap janm fini”

Lè m’ap anseye sou padon epi m di ke padone se bliye, gen patisipan ki toujou vle rektifye sans mo “bliye a” paske menmsi nou padone yon mal, nou pa bliye li. Bondye di: “M’a padone sa yo fè ki mal, mwen p’ap sonje peche yo ankò”. (Ebre 8.12). Si e sèlman se Jezi ki sove ou, pèsonn pa ka rache w nan men li, pa menm Satan.

Ou pa ka ni sove ni kondane yon pechè. Travay ou se evanjelize ak anseye verite a. Apot Pòl te di : « Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse » (1 Korent 3.6). Se pa san ou ki te koule sou kwa a, pa pran plas Jezi. Se pa ou menm ki te renmen lemond, pa pran plas Bondye. Ou pa yon avwala sou eritaj Bondye a, pa pran plas Sentespri a. (Efezyen 1.13-14).

Pase yon bon jounen
Jérôme Dorsonne Emerson

Amenez les âmes à Christ

Méditation du jour, No 166
Lundi 11 avril 2016

Amenez les âmes à Christ

Dans son livre « Gagner des âmes – oui, mais comment ? », Charles Spurgeon (1834-1892), a écrit : « Je veux amener des âmes à Christ, non pas à mon point de vue particulier sur la foi chrétienne». Evangéliser, c’est prêcher l’évangile aux incrédules pour que Jésus leur sauve. Ce n’est ni l’évangéliste ni le pasteur qui sauve. Ils sont des messagers, des envoyés, des canaux, des outils, des proclamateurs mais le sauveur, c’est Jésus. Il y a donc plusieurs raisons d’amener les âmes à Christ.

1. Marc 16.15 : « Christ est le maître de la mission »

Comme Dieu a envoyé Jésus, Jésus a aussi envoyé les disciples (Jean 17.18). Il a dit lui-même ceci : « je suis descendu du ciel pour faire, non ma volonté, mais la volonté de celui qui m'a envoyé. » (Jean 6.38) De même, lorsque vous évangélisez, vous devez faire la volonté de Jésus.

2. Actes 4.12 : « Christ est le seul nom en qui il y a le salut »
Certains évangélisateurs ont tendance à prêcher le salut dans le nom du fondateur de leur dénomination, de leur secte ou de leur religion. Ils dressent une liste de choses à faire et à croire pour être sauvé. C’est faux, il n’y a de salut qu’en Jésus-Christ car aucun fondateur d’aucune religion n’a versé son sang pour l’humanité. Tout a commencé avec Jésus et tout prendra fin par lui.

3. Jean 14.6 : « Christ est le seul chemin qui mène à Dieu »
Il n’y a ni deux ni trois chemins qui mènent à Dieu. Christ n’est donc pas un chemin mais le chemin qui mène à Dieu. Aucune religion ne peut vous sauver. Toute doctrine qui n’a pas Jésus-Christ comme fondement est une corvée à l’égard du salut divin (1 Corinthiens 3.11).

4. Jean 8.36 : « La vraie liberté est en Christ »
Parfois, un nouveau converti témoigne : « J’ai enfin trouvé la vérité. Ça fait longtemps que j’étais dans l’erreur ». Si cette vérité ne vient pas de la parole de Christ, elle vous rendra esclave des hommes, car Jésus a dit : « Si vous demeurez dans ma parole, vous êtes vraiment mes disciples; vous connaîtrez la vérité, et la vérité vous affranchira. » (Jean 8.31-32).

5. Jean 10.28 : « La vie que Jésus donne est éternelle »
Quand j’enseigne sur le pardon et que je dis « pardonner, c’est oublier », certains participants veulent toujours rectifier le sens du mot « oublier » parce que même si on pardonne une offense, on ne l’oublie pas. Dieu a dit : « …je pardonnerai leurs iniquités, et que je ne me souviendrai plus de leurs péchés. » (Hébreux 8.12) Si et seulement si c’est Jésus qui vous sauve, personne ne pourra vous ravir de sa main, pas même Satan.

Vous ne pouvez ni sauver ni condamner un pécheur. Votre travail est d’évangéliser et d’enseigner la vérité. L’apôtre Paul a dit : « J'ai planté, Apollos a arrosé, mais Dieu a fait croître » (1 Corinthiens 3.6). Ce n’est pas votre sang qui a été coulé sur la croix, ne prenez pas la place de Jésus. Ce n’est pas vous qui avez aimé le monde, ne prenez pas la place de Dieu. Vous n’êtes pas un gage de la rédemption, ne prenez pas la place du Saint-Esprit (Ephésiens 1.13-14).

Bonne journée
Jérôme Dorsonne Emerson

dimanche 10 avril 2016

Foutbòl: yon lwazi ki prime sou evanjelizasyon

Meditasyon pou jodi a, No 165
Dimanch 10 avril 2016

Foutbòl: yon lwazi ki prime sou evanjelizasyon

(Aswè a, vin gade san kòb fim “Chambre de guerre” a Lyankou, pi ba Legliz Katolik la, apati 6è nan aswè, si tan an fè bon)

Yon obstak se yon difikilte ki anpeche nou aji. Se sa ki opoze ak sa nou dwe fè, ak volonte nou oubyen konsyans nou. Nou konnen kisa nou dwe fè men pou yon rezon oubyen yon pretèks, nou pa vle fè li. Se konsa anpil kretyen vin meprize evanjelizasyon an malgre tout efò ki fèt pou fòme yo.

Jounen jodi a, gen kèk lwazi ki prime sou devwa kretyen yo. Ann pran egzanp foutbòl. Yon vrè fanatik ap aranje li pou l konnen tout bagay de ekip li. L’ap defann vedèt li, l’apresye talan li yo e li fyè pou l pale de li tout kote li ye. Pafwa, pasyon li konn lakoz domaj, zen, e menm lanmò.

Lè ekip li kale, li kontan anpil e lè li pèdi li tris. Men sa ki dwòl la, li poko janm rankontre jwè ekip li yo oubyen jwè prefere li. Kisa ki mal nan sa ? Gen moun ki ta di anyen. Men kisa Bib la di : « Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a, Jezikri » (Jan 17.3). Pou w konnen Bondye ak Jezi, ou bezwen tan pou w pèsevere nan ansèyman (Travay 2.42) ak lafwa pou obeyi (Jan 20.29).

Premye eskiz yon swadizan kretyen ki pap evanjelize se « M’ pa gen tan ». Poutan, li tèlman gen tan pou konsakre nan foutbòl ke l vin yon pasyone e yon veritab konesè. Kanta pou evanjelizasyon an, li pa konnen kisa pou l di ni kòman pou l abòde yon zanmi l ki pa kretyen pou pale li de Jezi. Alòske li tap pran tout yon nwit pou diskite sou jwè prefere li. Sa se yon engratitid anvè Bondye!

Yon lwazi se yon tan ki disponib lè w pa p travay. Malerezman pou anpil kretyen, se yon lòt vi ki kont misyon li pou evanjelize lemond. Apot Pòl di: “Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan” (Women 13.11). Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis bon konprann” (Pwovèb 15.32)

Pase yon bon jounen!
Jérôme Dorsonne Emerson
SOLI DEI GLORIA !

Le football: un loisir qui prime sur l’évangélisation

Méditation du jour, No 165
Dimanche 10 avril 2016

Le football: un loisir qui prime sur l’évangélisation

Un obstacle est une difficulté qui empêche d’agir. C’est ce qui s’oppose à notre devoir, notre volonté ou notre conscience. Nous savons ce que nous devons faire mais pour une raison ou un prétexte, nous ne pouvons le faire. C’est ainsi que l’évangélisation est méprisée par beaucoup de chrétiens en dépit de tous les efforts consentis pour les former.

De nos jours, certains loisirs priment sur les devoirs du chrétien. Prenons l’exemple du football. Un vrai fan s’arrange pour tout savoir de son équipe. Il défend sa vedette, apprécie ses talents et est fier de parler de lui partout où il se trouve. Parfois, sa passion peut causer des dommages, des querelles et même la mort.

Dans la victoire, il se réjouit et dans la défaite, il est triste. Mais ce qui est bizarre, c’est qu’il n’a jamais rencontré les joueurs de son équipe ou son joueur préféré. Qu’y a-t-il de mal en tout ça ? Rien, diraient certains. Mais que dit la Bible ? « la vie éternelle, c'est qu'ils te connaissent, toi, le seul vrai Dieu, et celui que tu as envoyé, Jésus Christ.» (Jean 17.3) Pour connaître Dieu et Jésus, il faut du temps pour persévérer dans l’enseignement (Actes 2.42), et de la foi pour obéir (Jean 20.29).

La première excuse d’un soi-disant chrétien qui n’évangélise pas est « Je n’ai pas le temps ». Pourtant, il a tellement de temps pour consacrer au football qu’il devient un passionné et un véritable connaisseur. Quant à l’évangélisation, il ne sait pas quoi dire ni comment aborder son ami incroyant pour lui parler de Jésus. Alors qu’il aurait toute une nuit pour discuter sur son joueur préféré. Quelle ingratitude envers Dieu !

Un loisir est un temps disponible en dehors du travail. Malheureusement pour beaucoup de chrétiens, c’est une autre vie au détriment de sa mission d’évangéliser le monde. C’est l’heure de vous réveiller enfin du sommeil, dit l’apôtre Paul, car maintenant le salut est plus près de vous que lorsque vous avez cru (Romains 13.11). Celui qui rejette la correction méprise son âme, mais celui qui écoute la réprimande acquiert l'intelligence ». (Proverbes 15.32)

Bonne journée !
Jérôme Dorsonne Emerson
SOLI DEI GLORIA !

Cinq conseils pour éviter l’adultère

Méditation du jour, No 164
Samedi  09 avril 2016

Cinq conseils pour éviter l’adultère

Ne jouez pas avec le péché, il n’est pas votre ami. Ne minimisez pas le péché, car aussi petit qu’il puisse paraître, il peut causer de graves conséquences. Ananias et Saphira n’auraient jamais menti  à Dieu s’ils avaient su qu’ils allaient mourir (Actes 5.1-5). David n’aurait jamais envoyé des gens chercher  Bath Schéba s’il avait pensé aux conséquences de l’adultère dans son royaume. Dieu lui fit dire ceci : « Car tu as agi en secret; et moi, je ferai cela en présence de tout Israël et à la face du soleil. » (2 Samuel 12.12)

Voici donc cinq conseils utiles pour éviter l’adultère. Ils sont applicables au mari et à la femme.

1. Epousez une personne que vous aimez

L’infidélité n’est pas un hasard, mais la conséquence d'une cause. La première chose à faire pour l’éviter est d’épouser la personne que vous aimez et qui vous aime également. La Bible ne dit-elle pas que l’amour ne fait rien de malhonnête et ne cherche point son intérêt ? (1 Corinthiens 13.5). Cherchez l'amour et non le sexe, la beaute physique ou l'argent.

2. Respectez votre devoir envers votre conjoint

La Bible dit : « Que le mari rende à sa femme ce qu'il lui doit, et que la femme agisse de même envers son mari. » (1 Corinthiens 7.3) C’est un péché de repousser votre conjoint. Il a autorité sur votre corps (1 Corinthiens 7.4). Si cette attitude persiste, votre conjoint peut devenir infidèle bien que la Bible n’encourage pas l'infidelite, car quelque soit la cause de l’adultère, il est un adultère et il sera jugé (Hébreux 13.4).

3. Ne vous privez pas de votre conjoint pour longtemps

De nos jours, la privation de son conjoint est très remarquable à cause des soucis de la vie. Un mari quitte son pays à la recherche du bonheur pour sa famille. Parfois, il y reste pendant dix ans alors que la Bible dit : « si ce n'est d'un commun accord pour un temps » (1 Corinthiens 7.5) Un accord est commun quand les deux époux s’entendent pour décider ensemble. Par conséquent, si la femme n’accepte pas que son mari quitte son pays, il doit obéir, non à sa femme, mais au principe du mariage. Quand le mari s’accompagne toujours de sa femme, Satan ne peut pas les tenter par leur incontinence.

4. Evitez de passer trop de temps dans les activités chrétiennes

L’apôtre Paul n’a pas caché ses mots là-dessus : « Celui qui n'est pas marié s'inquiète des choses du Seigneur, des moyens de plaire au Seigneur; » (1 Corinthiens 7.32). Alors, si vous aimeriez servir Dieu sans être obligé d’assumer vos responsabilités dans le foyer, ne vous mariez pas. Vous devez être disponible pour Dieu et pour votre conjoint. Chaque chose en son temps, d’ailleurs il y a plus de bénédictions à servir son conjoint qu’à lui faire souffrir.

5. Ne comparez pas votre conjoint avec un autre

Le mariage est le résultat d’un choix qui doit durer jusqu’à la mort. L’homme a choisi une femme parmi toutes les femmes du monde, et la femme a choisi un homme parmi tous les hommes du monde. Donc, comparer votre conjoint avec un autre après l’avoir épousé n’est ni logique ni honnête. Le mari qui continue à comparer sa femme avec  une autre finit souvent par aimer l’autre plus que la sienne. Idem pour la femme qui compare son mari à un autre homme. On est marié pour le meilleur et pour le pire.

N’oubliez jamais ceci : le mariage a ses principes. Conséquemment, le bonheur dans le foyer dépend du respect de ces principes.  Le mariage n’est pas une constitution qu’on peut amender, car tout est accompli en Jésus-Christ (Matthieu 5.17).

Je vous souhaite une bonne méditation et un bon samedi.

Jérôme Dorsonne Emerson

Créole

Meditasyon pou jodi a, No 164
Samdi 09 avril 2016

Senk konsèy pou evite adiltè

Pa jwe ak peche, li pa zanmi w. Pa minimize peche paske li te mèt parèt piti, li ka lakoz gwo konsekans. Ananyas ak Safira pa tap bay Bondye manti si yo te konnen ke yo ta pral mouri (Travay 5.1-5). David pa tap janm voye moun al chache Batcheba si l te panse ak konsekans adiltè a ta pral gen nan wayòm li an. Bondye te voye di li: “Ou menm ou te fè zafè ou la an kachèt. Mwen menm, m’ap fè sa rive devan tout moun pou tout pèp Izrayèl la ka wè sa » (2 Samyèl 12.12)

Men 5 konsèy k’ap itil pou evite adiltè. Yo aplikab pou mari a ak madanm nan.

1. Marye ak yon moun ou renmen
 Enfidelite pa yon aza, men se konsekans yon koz. Premye bagay pou w fè pou evite l, se marye ak yon moun ou renmen e ki renmen ou tou. Eske Bib la pa di ke lanmou pa anyen ki malonèt e li pa chache enterè pa li ? (1 Korent 13.5). Chache lanmou, se pa sèks, bote fizik ak lajan.

2. Respekte devwa ou anvè konjwen ou
Bib la di : « Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li. » (1 Korent 7.3) Se yon peche lè w repouse konjwen ou. Li gen otorite sou kò ou (1 Korent 7.4). Si konpòtman pèsiste, konjwen ou an ka vin enfidèl, byenke Bib la pa ankouraje enfidelite, paske kèlkeswa sa ki lakoz adiltè a, li rele adiltè, e Bondye ap jije li (Ebre 13.4).

3.  Pa kite konjwen ou pou lontan
Jounen jodi a, kite konjwen an trè remakab akoz sousi lavi. Yon mari kite peyi l pou li al chache bonè pou fanmi li. Pafwa, li rete pandan dizan alòske Bib la di : « esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman » (1 Korent 7.5). Yon antant fèt lè de moun yo antann yo pou deside ansanm. Pou sa, si madanm nan pa aksepte mari li kite peyi li, mari a dwe obeyi. Se pa ak fanm nan li obeyi, men ak prensip maryaj la. Lè mari a toujou avèk madanm li, Satan pa ka pran yo nan pèlen akoz yo pa ka kontwole kò yo.

4. Evite pase twòp tan nan aktivite kretyen yo
Apot Pòl pa t kache pawòl li sou sa: “Yon moun ki pa marye, l’ap okipe zafè Senyè a sèlman. L’ap chache fè Senyè a plezi” (1 Korent 7.32). Alò, si ou ta renmen sèvi Bondye san w pa oblije jwe wòl ou byen nan fwaye a, pinga ou marye. Ou dwe disponib pou Bondye e pou konjwen ou. Chak bagay gen tan li, dayè gen plis benediksyon nan sèvi konjwen ou ke fè l soufri.

5. Pa konpare konjwen ou ak yon lòt
Maryaj se rezilta yon chwa pou lavi ki dwe dire jiska lanmò. Gason an te chwazi yon fanm nan mitan tout fanm ki gen nan lemond e fanm nan te chwazi yon gason nan mitan tout gason ki nan lemond. Kidonk, konpare konjwen ou avèk yon lòt aprè w fin marye avèk li pa ni lojik ni onèt. Mari ki kontinye ap konpare madanm li avèk yon lòt fanm ap fini pa renmen lòt fanm sa a plis pase madanm li. Se menm bagay la pou yon madanm k’ap konpare mari li avèk yon lòt gason. Nou marye pou lè sa pi bon e lè sa pi mal.

Pa janm bliye sa : maryaj la gen prensip li. Se poutèt sa, kè kontan nan fwaye a depann de respè prensip sa yo. Maryaj la pa yon konstitisyon yo ka amande, paske tout bagay te akonpli nan Jezikri (Matye 5.17)
Mwen swete ou fè yon bon meditasyon e pase yon bon samdi.

Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...