dimanche 19 avril 2020

Fò w konnen pou w doute

Menm pou w doute, fò w konnen. M ta di doute se konnen de fwa, men doute ale pi lwen pase konnen paske depi moun pale, ou tande, moun ekri ou li, ou ka konnen. Men pou w doute, fò w ka ale pi lwen pase dout ou a.

Filozòf Denis Diderot te ekri pou di: " Se pa tout moun ki ka doute. Doute sipoze yon egzamen pwofon e san enterè: moun k ap doute san l pa konnen rezon pou l kwè pa plis pase yon inyoran. Vrè moun k ap doute a konte e peze rezon li genyen pou l fè sa". (Pensées Philosophiques, 1875-77)

Kesyon w ap poze ka mete inyorans ou touni douvan sila ki konnen. Sa w konnen ka fè w kwè tout sa ki pa verite.

Lè se fanatis ki alimante rechèch ou, lekti ou, kilti ou, konsepsyon ou, ou vin yon danje pou pwòp tèt ou. Men ou p ap janm ka wè sa paske tout moun k ap vle ba w verite va tounen advèsè ou, poutan se yo k ap chache sove w.

Si dout ki nan lespri w yo fè yon moun pase pou mantò, se lè bajou verite kase w a jwenn libète.

JDE

Nou chak ap goumen, nou tout ap viktim



Sa w pa vle sajès aprann ou, se soufrans k ap aprann ou li. Si w pa vle konprann lavi, lanmò ap fè w konprann li.

Dat n ap li, etidye, konpoze nan repete sa n konnen, nou pa t janm vle mete yo anpratik: yon sèl dwèt pa manje kalalou. Bay piti pa di chich. Ansanm nou fò. Nou youn dwe renmen lòt.

Nou entèlijan ase, pa vre? Nou soti lwen pou n rive la. Nou chire Ti Malis, desann Filo, gradye nan inivèsite, fè metriz, travay nan gwo enstitisyon, vwayaje e rankontre gwo moun. Men finalman, kisa sa itil nou?

Kilè n ap chwazi fè sa n konnen yo? Kilè n ap montre nou se bon elèv nan lekòl lanati pou leson li bannou?

N ap sanble. N ap sere. N ap fè chich. N ap imilye. Plizyè fwa, li montre nou se viv ansanm ki pi bon. Li fè n wè richès nou pa ka fè n byen pandan gen lòt moun k ap mouri nan povrete. Li aprann nou tout se menm devan katastwòf natirèl yo. Tout karyè nou, estim nou, rèv nou, repitasyon nou vole ale lè malè menase nou tout.

Se souf ki byen!

Wi, se souf ki byen. Li anime yon kò ki bezwen manje, benyen, sante, kabann, rad, egzèsis ak pwodwi pou fè l bèl. Men kou ti souf la ale, tout bezwen sa yo fini. Malerezman, nou plis ap goumen pou n jere bezwen pase jere souf. Souf pa m, souf pa w, souf pa l.

Si devlopman pote chanjman, pou anpil nan nou, li pote malè, distans, maladi, abi, eksplwatasyon, prejije ak lanmò. Plis nou ka posede sa k ap mennen, sa ki koute chè, sa ki ra, sa ki nèf, se plis nou panse n ap mennen, nou gen valè, nou alamòd. Se poutèt sa wi, anpil nan nou ap goumen, fè gwo sakrifis, gwo prè, ekstravagans. Si m manti, di m ki avantaj nou jwenn koulye a. Kote rezilta tout efò nou yo?

Fè yon ti reflechi sou anviwonman w lan epi demanti m: mi nou yo byen wo, baryè nou fèm, vit nou pafime, pa menm gen yon bon ti jaden nan lakou nou, tèt mòn yo touni, ri nou kouri machin nou yo kraze nèt, lè a polye, sèvis nou yo tèt nèg, blakawout ap briye nan zòn nan pandan tilimyè batri nou ap yenyen epi ensekirite ap taye banda. Nou tout vilnerab, nou tout andanje, nou tout ka viktim, nou tout pè, nou tout responsab.

Sa w pa vle sajès aprann ou, se soufrans k ap aprann ou li. Si w pa vle konprann lavi, lanmò ap fè w konprann li.

JDE

Konkirans se youn nan obstak ki kraze anpil byen n ap fè



Sa fè yon bon ti tan, depi parèt Covid-19 la, n ap swiv yon kokenn chenn polemik ant Fernando Estimé, Guy Wewe, Johnson Napoléon ak Carel Pedre.

Pou di vre, se pa mesye sa yo ki mete tèt yo nan konpetisyon, se plis fàn yo ki jije youn gen plis "views" pase lòt. Poutan, si w byen pran san w pou w analize travay chak pèsonaj sa yo, w ap wè yo chak gen yon travay y ap fè pou byen Ayiti. Se 4 moun totalman diferan, m swiv yo tout e m wè l difisil pou m konpare yo. Elas, m gen enpresyon gen moun ki plis entèrese ak polemik la pase sa Fernando ap di.

Lè travay yon pwofesè, yon diplomat lakoz zen, pou n raple sistèm nou, se prèv nou poko prè pou n resevwa bon jan ledikasyon sinon pawòl pou mete nou dozado. An menm tan, m kontan paske pwofesè a pa chita sou polemik la, l ap jere travay li. Aktyèlman, Carel ap fè yon bon travay nan gide jèn yo aprann an liy. Johnson ap pale de biznis ak inivèsite l. Kòm pa gen aktivite konpa, ta sanble Guy Wewe fè yon ti poze pwiske se li yo plis tag. M ret kwè pwomosyon mizik aysiyen an jwenm bon bourad ak li, san m pa bezwen konsidere fay oswa erè li fè, menm jan ak tout lidè nan nenpòt domèn ki sou latè.

An Ayiti, depi w pase lekòl Mè ak Frè, tout moun kwè w fò. Men lè w ap gade nan de grenn je w rezilta fò sa a nan sosyete a, ta sanble nou youn poko chire yon ti malis. Iwoni. Paske reyalite a bay degoutans. Antouka...

Poukisa m bezwen pase tèt mwen pou pi bon si nan zòn mwen an m fè yon pwojè pou bay semans epi yon lòt sitwayen fè yon pwojè pou vann pwodwi semans sa yo? Di m poukisa si w fin lekòl ou vin yon gwo mekanisyen epi kamarad ou a vin yon avoka oswa medsen, yo oblije mete nou anfas pandan n ap fè 3 travay enpòtan? Si w pa wè poukisa, m pa wè poukisa nou gen tout resous sa yo nan peyi nou, sou rezo sosyal yo pou n pa ka pwofite yo pou byen nou.

M ap swiv lontan kay frè m ak sè m aysiyen yo tandans sa k ap fin detwi nou. Depi yon sitwayen rive fè siksè nan yon domèn, otomatikman nou mete l anfas yon lòt ki te la nan domèn nan deja, swa pou jalouzi, swa pou enterè, swa pou plezi. Politik la pa epanye. E pi gran pèdan an se nou paske konkiran yo toujou fin  rich sou do nou pandan n ap prepare de lòt ankò.

M p ap janm kwè nou pa devlope pou mank resous. Se pou move jesyon resous sa yo pito paske malgre w bon nan domèn ou an, ou pa itil anyen nan kominote w la. Se pa ou non ki lakoz, se konkirans la ki fè w pè, ou pa kwè nan tèt ou, ou met nan lespri w pa ase kapab. Reyalite sa a vin tout de kote yo epi men sa ki esplike eta nou ye depi byen lontan an.

Se menm lespri konkirans sa a ki fè lè yon sitwayen ap fè aksyon sosyal, li souvan pote non potansyèl kandida. Sa di, li ka vin yon konkiran de moun ki nan plas la. Epi sa w tande a, tout pwojè kraze. Mezanmi, èske nou dwe kontinye konsa? Non, ebyen ann chita pou n koze sou tout sa ki ka anpeche n avanse.

Si n pa ka fè konkirans la lwayal, ann fè konbit pito!

JDE
Atelier 2020

E si nou te pwofite konprann vrè sans lavi a?



An reyalite, m pa pè lanmò. M konnen depi m fèt, fòk mwen mouri yon jou, menmsi se pa sa m vle nan fon kè m. E natirèlman, Bondye pa t kreye m pou m mouri. Se konsekans peche ki fè sa.

Sa fè 2 fwa nan egzistans mwen, m konsyan de 2 fleo ki menase vi m. M t ap mouri 12 janvye 2010 e men Covid-19 pa twò lwen m. Sa di, lavi a ban m sèlman 10 lane pou m te pwofite konprann vrè sans li. Kisa m te fè avè l? Ki rezon m bay Mèt lavi a pou l te kite m vivan e kisa m pral fè ak kantite l pral ban m si m travèse Covid-19 la?

M ap imajine moun k ap mouri pa santèn nan gwo peyi san yo pa nan lagè, san yo pa menm voye yon kout pwen kont advèsè a, omwen yo pa ta mouri lach. Elas, lenmi an ap avanse, frape, tiye byen trankil. Byen lwen m, yo te panse yo alabri ensekirite lakay. Poutan, se la mouche lanmò ap simaye ensekirite san l pa manyen zam. Vrèmanvre, pa gen kote ki gen lapè sou ti bout tè sa.

M reyalize koze peyi pòv, peyi rich, peyi devlope, peyi sou devlope se yon seri de tèm lòm itilize pou inyore frajilite l. Si move konstriksyon te fè n pèdi plizyè santèn milye ayisyen, bon konstriksyon pa ka anpeche gwo peyi yo pèdi plis pase sa. M pa kontan, m p ap rejwi paske m poko touche men m reyalize lanmò pa kyè de sa n ap fè: etid nou, devlopman nou, siksè nou, maryaj, banbi, vwayaj, elatriye. San zatann, li frape pòt lavi nou.

Finalman, aprè nou fin fè gwo envestisman nan konstwi gwo pon, yo pa ka fè n travèse pandemi an. Nou chaje zam nikleyè men youn pa ka tiye kowona. Dayè, kowona se nou. Se tankou yon lespri malè ki antre nan nou pou l simen lanmò nan mitan nou.

E si n te pwofite konprann vrè sans lavi a pandan nou ret lakay nou? Kot tout sakrifis nou t ap fè yo? Pouki n t ap imilye moun konsa? Kot tout prese nou yo ki te fè n pa t janm gen tan pou zanmi, fanmi, pitit nou yo? Kot rezèv nou yo?

Èske si m ta ekri w di m grangou, w ap gade m mal? Ki avantaj ou genyen sou moun ou te jije ki twò raz pou ou yo? Twò sòt pou ou yo? Apa danje a kanpe dandi douvan nou tout pou l kwape rèv nou yo, kisa w reyalize zanmi m?

M renmen tande mizik sa ki di:
A City of Justice
A City of Love
A city of Peace
For every one of us
We all need it
We can't live without it...
Gotham City (R. Kelly)

Kisa n ap fè pou n fè Ayiti yon peyi kote lajistis, renmen ap lapè renye? Nou tout bezwen l, nou pa ka viv san li. E si se konsekans echèk sa a ki fè n pa pare pou n fè fas ak Covid-19 la? Èske n t ap regrèt ale si n te travay pou yon bon peyi konsa?

Ki vrè sans lavi si n pa t ap viv pou n byen mouri?
.....

JDE
11/04/20

Nou tout se elèv sou ban lekòl lavi

Nou tout se elèv sou ban lekòl lavi

Lè yon moun pa reflechi, li ka poze nenpòt aksyon negatif. Se sa ki lakoz trè souvan jouman, swisid, mechanste, aksidan ak konplo. Lè konsa, nou di moun sa a emosyonèl. Bèl adjektif kalifikatif!

Men lè li fin poze aksyon an, ou menm ki wè l emosyonèl la, ou tanmen pale l mal. Ou tou al fouye nan pase l pou detere dosye ki te trete deja. Lè konsa, konnen ou se yon malpalan.

Anpil nan nou tèlman pa vle ale devan, panse pou demen, divòse ak rankin, nou plis damou tout sa ki ka ralanti vitès yon inisyativ, yon vizyon, yon byen ki t ap itil nou menm ankò. Pito nou lèd, nou mal, nou mizerab, nou dozado, nou ipokrit epi nou la.

Se pa paske l fè erè, yo pa vle wè l, ki fè w gen rezon pou w rayi l, kritike l oswa kondane l. Yon mal pa oblije jistifye yon lòt mal. Tout se mal. Nou dwe evite tout. Si l pa t reflechi nan sa l te fè a, ou pa ka reyaji san reflechi tou. Sinon, ki diferans jijman w lan ap fè? Kisa w ka bay anplis?

Imajine w si Bondye t ap aji menm jan ak ou pou sa w fè ankachèt deja.

Paske dosye w la anba tab, li sekrè, yo minimize l, yo vag li, li fasil pou w eseye fè tèt ou pase pou pi bon, pi entèlijan, pi diskrè, pi rasyonèl. Men w konnen byen ou pa miyò pase pèsonn.

Se nan tèt ansanm sèlman n ap rive bati lavi nou vle pou kominote nou an. Pa gen youn nan nou ki ka parèt san peche pou l dirije. Okontrè, erè nou yo, betiz nou yo aprann nou anpil leson. Se sa ki rele eksperyans la.

Si w fèk marye, pa kouri kondane sila ki divòse a. Si w fèk nan pòs ou a, pa kouri kondane anplwaye ki te demisyone oswa revoke a. Si w fèk zanmi yon moun, pa kouri kondane zanmi ki te twonpe l la. Si w fèk ap mennen, pa kouri kondane sila ki pa ka fè it ankò a.

Lavi a montre nou tout sa ki la prale, tout sa ki ale ka tounen, tout sa ki tounen ka fè menm efè a. Meyè fason pou viv li se pran egzanp. Sinon, ou ka fè pi mal pase moun ou te wè mal la. E se lè sa, domaj, w ap reyalize w te trè emosyonèl.

Annou pa pwofite okenn fot ni defo yon moun pou jistifye medizans nou, mepri nou, rejè nou, dezakò nou. Nou tout se elèv sou ban lekòl lavi. Ann aprann viv ansanm.

JDE

samedi 11 avril 2020

Poukisa?

Si li pa ka fè tout bagay, pouki w jije l mal pou yon bagay li pa fè?

Si l gen defo ak kalite, pouki w chwazi denigre l pou yon defo?

Si antanke lòm li ka fè erè, pouki w vle kondane l lè l fè yon erè?

Si lanmò se konsekans peche, pouki w di Bondye mechan lè w mouri?

Si w vle pou tout ayisyen ekri e pale kreyòl, poukisa se liv fransè sèlman achte?

Si lavi a dwòl, pouki w vle tiye tèt ou lè w pa ka reyisi?

Si w di w se pitit Bondye, di m poukisa se nan peche w plis renmen viv?

E si echèk vle di rekòmanse pi byen poukisa w kwè li p ap janm anyen paske l poko reyisi?

Bonis: Poukisa w pa ka sipòte li si w di w renmen l?

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...