mardi 30 juin 2020

Kat rezon pou w pa swete echèk yon moun

Jwenn moun pou ede w, korije w pou avanse difisil. Inyorans, jalouzi ak rankin fè gen plis moun k ap gade e pale pase sila k ap lonje men pou ede.

Èske sa rive w deja pou w swete oswa panse zanmi w lan, kamarad ou a oswa konkiran w p ap janm reyisi nan lavi l paske li pran twòp echèk? Men kat rezon ki ta dwe fè w pa janm gen yon ide konsa.

1. Tout siksè ak echèk ka lye ak ou

Si machann k ap vann pate nan ri w la te fè lavant chak jou, ou te ka pwofite mete yon komès ji natirèl kote l la. Plis gen moun k ap echwe se mwens ap gen moun k ap gen mwayen pou sipòte sa w ap fè. Kidonk, swete siksè tout moun k ap travay se pou byen w.

2. Ou pa Bondye jistis 

Ou pa la pou jije kilès Bondye dwe fè favè ou pa. Pou leson, san favè li, ou pa t ap gen ni souf ni pawòl pou w predi lavni yon moun. Chak fwa w jije yon moun p ap janm anyen akoz yon echèk, mande tèt ou si w gen plis rezon pou w reyisi. 

3. Demen gen anpil sipriz

Jodi a, ou estime w pa bezwen sèvis yon vwazen, yon benevòl, yon zanmi sou katye w la paske li pa diy. Pa janm bliye demen ka pote sipriz nan lavi moun sa ki ka fè l vin nan plas w ap bezwen l. Aprann se ou k ap konstwi jennen w chak fwa w rejte yon moun pou eta aktyèl li.

4. Gen erè, gen echèk, gen pwogrè 

Erè ka fè Tijan echwe men si Tijan pèsevere li ka fè pwogrè. Tout gwo chofè te aprann kondi yon jou. Ou ka pa wè pwogrè yo, men anpil fwa se rezilta final la ki ba w sipriz.

Gen yon otè ki te di :" Evite echèk yo se evite pwogrè". Dezòmè, lè w wè yon moun ap echwe konnen l ap fè pwogrè an menm tan. 

#Pwogrè #Echèk #Dekourajman #jijman

JDE

Chronique d'une âme endolorie



La nuit tombe sur la cité 
Comme une fumée infernale 
Qui s'abonne 
Aux fins de mes journées

Ce sentiment du carnage 
M'espionne 
M'environne 
Et me met sur mes pieds de vigile 

Ce soir, comme beaucoup d'autres,
Le sommeil s'éloigne
Mes doux rêves me manquent
Mon esprit n'a pas de repos
Ô pauvre gardien!

Le silence me transit
Mes compagnons aboient
La reine et les princes roupillent 
Je courtise l'heure 
Et je suis tellement impatient 
De pouvoir entendre les pas du jour 
Qui revient au son des cocoricos

C'est une vie de mort 
Une mort pleine d'envies 

Hier, j'ai entendu parler d'espoir 
Aujourd'hui, je veux le voir 
Afin de connaitre sa couleur 
J'ai soif de le toucher 
Pour que mes pétoches 
Se retirent de mon esprit

JDE

lundi 29 juin 2020

Hommage à mon humanité



Je ne suis pas supérieur que toi
Je ne suis pas inférieur que toi
Je ne suis pas ton égal non plus 
Je suis unique 
Je suis incomparable 
Je suis moi 
Je suis spécial
Je suis une créature merveilleuse

Ne me demande pas de devenir toi
Ne me demande pas de devenir un autre 
Ne cherche personne en moi 
J'ai le sang de mon père 
Pas son caractère et son sentiment 
J'ai deux fils mais pas deux moi

Ne te pose plus de questions 
Je suis moi-même 
Parle pour que je t'entende 
Car j'ai des oreilles 
Juge-moi en face, 
Car je peux me défendre 

Désolé, si je ne suis pas 
L'esclave ou la copie espérée 
Tu trouveras sûrement 
Quelqu'un qui te plait
Que tu aimes
Il n'est peut-être pas en moi 
Mais, tu le trouveras, 
Mais je ne le deviendrai pas 
Pour te plaire comme un robot 

Cherche, cherche, cherche encore
Il y a sept milliards de possibilités 
Pour ta gouverne, je réduis le nombre
Point besoin de voir éteindre ma bougie
Je ne suis pas responsable de ta malchance 
Ni du temps-jamais qu'il te faudra 
Pour admettre mon originalité 

Aime-moi 
Sinon, oublie-moi 
Nous serons tous gagnants 

JDE
29 juin 2020

Kontinye

Kontinye fè sa w ap fè a! 
Si yo di w li enposib 
Pran sa pou motivasyon 
Pa pèdi liy ou
Pa pèdi ekilib ou
Si yo pa vle 
Si yo pa dakò 
Si yo pa vini 
Si yo pa ede 
Kontinye 
Paske se nan pèseverans ou 
Siksè w ye

JDE

Inyorans ou pa fè w gen rezon

Yon moun ki inyoran se yon moun ki pa t resevwa enstriksyon sou sa li pa konnen an. Li ka inyoran tou nan sa li te dwe konnen. Egzanp, si w se enfòmatisyen, ou dwe konnen "souris" se "mouse" an anglè. Sinon, ou se yon inyoran men w pa inyoran nan menm nivo ak yon moun ki pa menm ka ouvri yon òdinatè. Yo itilize mo inyoran an pou defini moun ki iletre tou, tankou yo di yon pèp inyoran. 

Si inyorans te ka fè w gen rezon, nou t ap oblije konn tout bagay pou n te ka viv e pèsonn pa t ap janm gen tò pwiske trè souvan, se inyorans ki fè w fè sa ki mal oswa fè move chwa. 

Ann pran egzanp yon moun ki grangou e ki antre nan yon restoran li mande pou yo sèvi l. Aprè, li leve ale san peye. Si li gen rezon, konnen li fou men si l antò, se swa li pa t konnen pou l peye oswa li fè l eksprè. Ke se eksprè oswa inyorans, li koupab. Toutfwa, li te dwe konnen manje nan restoran pa bay gratis. 

Gen pawòl ou di ki se verite men se inyorans ou ki fè w di l. Ou pa t konnen se pa nan moman an pou w te di l. Nan bezwen di verite pou yo wè w gen kouraj, ou di l men se inyorans ki lakoz. Nan sans sa a, sa ka rive nou tout. Se eksperyans ki pral fè nou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon parapò ak rezilta negatif oswa pozitif li bay. Kifè, gen konesans w ap genyen gras ak eksperyans, gen lòt se refleksyon, lekti ak sajès k ap ba w li. 

Yon dènye egzanp! 

Gen moun k ap mouri san konvèti nan inyorans menm jan genyen yo tiye akoz inyorans yo. Lè konsa, nou rele dezyèm kategori a inosan men chak moun k ap viv dwe konnen pou l konvèti pou l ka gen lavi etènèl. Si l pa konvèti paske l pa t konnen, li mouri inyoran men sa pa vle di l ap gen rezon nan jou jijman an. Inyorans li pa ka sèvi eskiz. 

Li enpòtan pou nou toujou chache konnen pou n pa viktim akoz inyorans nou paske se pa tout lè pa konnen ka sove nou. 

JDE


Èske se volonte Bondye pou n reziye nou?



Yon moun ki reziye l aksepte sitiyasyon l ap viv. Li pa goumen pou l soti nan sa l ye a ni l pa gen espwa pou sa vin miyò. 

Yon moun ki nan move sitiyasyon, kèlkeswa tan sa dire, pa fòseman reziye l si l ap travay. Se ka anpil nan nou k ap eseye, riske, chache kote lavi fè kwen san nou pa janm jwenn soulajman. Nou pa reziye, nou se sòlda. N ap batay pou nou viv men nou pa aksepte lavi n ap mennen an. 

Moun ki reziye pa renmen pèsevere. Se pa fasil pou w motive yo ni fè yo wè mizè yo. Yo kwè tout sa ki rive yo se pou yon koz yo pa ka defèt. Se desten yo, se konsa Bondye te vle pou yo viv. Men, èske Bib la pa mande pou travay? Men sa nou li nan Jenèz 3.19: "Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò."

Sou tèks sa a, pèsonn pa ka pretann Bondye vle pou l reziye l nan povrete. Se ka chwa li fè men se pa volonte Bondye. Bondye pa ka vle pou w viv nan mizè pandan li di w travay. Se kòmsi lamizè se rezilta travay. Si moun k ap ede yo pa t ap travay, yo pa t ap kapab. Èske se volonte Bondye pou yo genyen epi pou w pa genyen? Sa pa t ap gen sans.

Stéphen Wiliam Hawking (1942-2018), fizisyen teorisyen, kosmolojis britanik te di:" Nenpòt sa lavi a ta rezève pou ou a, ap toujou gen yon bagay ou ka reyisi ladan". Pa reziye w, chache yon bagay ou fè pou w reyisi lavi w. Se nan travay w ap konnen volonte Bondye, se pa nan reziye w ak lavi w ap mennen an.

Swiv mwen sou Facebook: http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

JDE

dimanche 28 juin 2020

E si w te sispann plenyen...



E si w te sispann plenyen epi pran plent yo pou motivasyon?

Si w ap plenyen, se pou de (2) rezon: swa ka yon lòt moun fè w lapèn, swa ou pa kontan, w ap soufri pou yon pwoblèm ou ki pa rezoud. Mwen vle touche dezyèm rezon an nan biyè sa a. 

Se pa tout lè plenyen negatif. Ou konn gen lapèn paske sa w vle yo pa ka mache. Se pa paske w pa kapab men paske malgre tout efò w fè, ou pa ka reyisi. Premye reyaksyon tout moun, nan tan nòmal, se plenyen. Men se pa sa sèlman nou ka fè e se sa w ka fè a m vin di w jodi a. 

Annou imajine w ap plenyen paske biznis ou pa ka mache. Nan lespri w, ou pa fè maketin, 
pwodwi w ap vann yo pa bon oswa kliyan yo pa entèrese avè w. Dout sa yo ki vin nan lespri w la se nan yo solisyon pou retire plent ou a ye. Se kòmsi, dout ou yo ap di w men kisa ki fèt ki pa 
bon, men kisa pou w chanje. Men sa ki fè m la. 

Pakont, si w kite dout ou yo rankontre ak pesimis ou, plent ou yo pral gen lòt konsekans sou biznis ou a. Lè konsa, ou pral di yo rale kòb ou, konkiran ou yo pa lwayal, ou pa gen chans, ou p ap janm reyisi, w ap kite biznis la, ak anpil lòt deklarasyon w konnen deja. 

Men si w gade dout ki soti nan plent ou yo nan yon ang pozitif, w ap jwenn solisyon an. Lè konsa, ou pral chanje estrateji ou yo, w ap chanje atitid ou, e san w pa remake, bagay yo pral mache byen. Toutfwa, la ankò, fòk ou gen pasyans, paske fòk estrateji yo byen kwit. M itilize ekspresyon sa a pou m atire atansyon ou sou bon teknik w ap itilize pou jwenn e kenbe kliyan w yo. Nan kòmansman, ou ka santi sa p ap mache. Pa kouri chanje teknik yo. Plizyè rezon ka esplike lantè yon pwosesis, pran san w dekouvri yo avan w chanje l.

Apati Jodi a, si w t ap plenyen, mwen envite w gade rezon plent ou yo yon lòt fason pou w ka 
jwenn solisyon yo pou kont ou. 

Pa bliye! 

Moun w ap mande èd yo ka ede w paske yo te fè eksperyans e sitiyasyon ki te mennen eksperyans sa yo toujou la. Se ou k ap pase men reyalite lavi a toujou menm nan. 

Pou konsiltasyon sou sijè sa a, whatsapp 3639-6642.

JDE

Twa fason nou ka reyaji anfas echèk

 



Gen twa fason ou ka reyaji fas ak echèk

1. Rekòmanse
2. Kontinye 
3. Abandone 

Pou pèmèt ou kenbe leson sa fasil, m rele l REKONA (REkòmanse, KONtinye, Abandone). Pou fransè a, se RECONA (REcommencer, CONtinuer, Abandonner).

Si pou anpil moun echèk vle di sa fini, teori REKONA a montre lekontrè. Annou wè chak reyaksyon sa yo: 

1. Rekòmanse 

Henry Ford, endistriyèl ameriken (1863-1947), ki te enfliyanse anpil pa Napoléon Hill, te di: "Echèk se sèlman opòtinite pou w rekòmanse yon fason pi entèlijan". Se egzakteman sa ki te Thomas Edison nan 10 mil esè li te fè avan l te envante anpoul, toujou daprè Napoleon Hill. Eksperyans li te fè nivo entèlijans li monte. Li p ap fè menm erè yo ankò. 

Lè w santi w echwe oswa lè moun panse echèk ou defini enkapasite w pou w reyisi, pa kite sa dekouraje w jiskaske w reziye w oswa pran yon lòt chemen. Pa janm bliye, reve, eseye e rekòmanse se twa dwa ou genyen sou chemen siksè. 

2. Kontinye 

Se pa tout echèk ki mande pou w rekòmanse. Si w t ap vann yon pwodwi, yon kantite ki te vann kredi pa antre, ou echwe an pati. Pwiske w gen pwodwi toujou, ou dwe kontinye vann. 

Li posib pou se enèji w, tan w, lajan w, konesans ou te konn bay nan yon pwojè oswa yon kolabo, si w jwenn echèk, pa kanpe. Itilize lòt estrateji pou w kontinye. 

3. Abandone

Se sa ki pi fasil lè w echwe nan sa w ap fè: bay vag. Ou pa bezwen anyen pou w di w kanpe la, sa fini, sera seta, m fè sèman, jamè nan lavi m. Poutan, trè souvan, se pi prè w siksè a ye. Elas, anpil moun bay vag depi yo echwe. 

#Chemensiksè 

JDE

Se plizyè ti kal ki fè anpil

Si chak moun fè ti sa yo ka fè, rezilta a ap fè enpak.

Si plis moun t ap fè sa l ka fè kote l ye a, pèsonn pa t ap bezwen deplase al lòt kote pou l fè sa ki posib pou ka gen chanjman. Nan zafè evanjelizasyon, m toujou di etidyan m yo sa: si kretyen nan chak zòn te chwazi evanjelize lakay yo, lòt kretyen pa t ap bezwen vin lakay pou fè travay pa yo. Malerezman, anpil fwa, se foul ak lanvi pou konnen kèk zòn ki motive misyon yo.

Nan ka Ayiti a, se prèske tout kote ki sanse gen pwoblèm enèji ki fè pa gen limyè lannwit. Se youn nan koz ensekirite. Tout moun konstate sa e anpil ladan yo gen enèji lakay yo. Si chak ri oswa chak katye te pran desizyon mete anpoul devan kay yo, anpil zòn nan t ap klere. Nou ka remake pito se pwofi sa kreye lè moun ki genyen l lan chwazi vann sèvis rechaj. Se pa yon mal, men poukisa yo pa vann limyè tou? Konsa, chak kay te ka klere chak aswè.

Fas ak grangou k ap tiye timoun e lakoz yo tonbe nan tout sa ki pa bon, si chak  moun te chwazi bay timoun ki pi prè l la manje, sa pa t ap rive. Malerezman, li pi fasil pou nou akize lòt responsab pase nou wè responsablite nou. Dayè, lè gen 2 ak 3 delenkan nan zòn nou, se lavi nou ki menase, se pa lavi gran otorite yo.

Gen yon asosyasyon an Frans ki rele "Colibri" Pierre Rubbi ak Cyrill Dion (2007) t ap dirije. Misyon li se chache relye e fè tout moun k ap fè sa yo kapab nan zòn yo epi fè enpak yo.

Gen plizyè milyon moun, asosyasyon k ap aji pou monn lan ka vin meyè. Èske w konnen non kèk moun, asosyasyon, fondasyon ak zanmi k ap travay koz sa yo? Petèt, ou se youn ladan yo deja?

Nou mete vwa nou ansanm pou n recòlte kont ensekirite men èske nou youn solidè anvè lòt? Kòman n ap ka gen sekirite si nou pa kiltive lespri solidarite paske vrè sekirite a soti nan viv ansanm. Se paske nou youn pè lòt ki fè zòn nou yo pa an sekirite. Si nou chak fè sa n dwe fè, nou p ap bezwen mete ansanm pou n mande sa nou tout ka fè.

Sa w ap fè a ka piti nan je w e nan je plizyè lòt moun men se ti kal sa w fè a ki mete ak yon lòt pou fè anpil.

Enspirasyon tèks sa soti nan liv "RÊVE TA VIE, VIS TES RÊVES" (Isabelle Servant)

®ATELIER 2020


samedi 27 juin 2020

Le sens des mots de mon histoire

Je ne me plains plus de ceux pour qui je ne suis pas aimable. Je me tourne vers ceux qui complètent mon amabilité. 

Je ne regarde plus en arrière pour voir mes erreurs, je profite du temps qui me reste pour appliquer les leçons de mes erreurs. 

Je ne veux plus d'amis qui m'exigent la tête d'un ange sur le tronc d'un homme. 

Je ne pense plus aux maux qu'on m'a fait, je m'efforce de faire du bien à mes proches. 

Je n'ai plus le temps de reprocher ceux qui ont trop reçu, je donne maintenant à ceux qui ont besoin de peu pour se sentir heureux. 

Non, je n'ai pas changé l'histoire mais j'essaie d'expliquer aux nouveaux lecteurs le sens des mots qui ont été souvent mésinterprétés. 

JDE

Reprann mayèt la pou w pouswiv rèv ou

Se pa paske w pou kont ou nan batay la, nan pozisyon w lan, nan konsepsyon w lan ki fè se ou ki koupab la, nan move chemen an. Se pa paske yon manti popilè ki fè l vin verite, ni paske 99 sou 100 moun rejte yon verite ki fè l vin manti. 

Jezi, Galile, Jean Huss ak anpil lòt revolisyonè, vizyonè te mouri pou kont yo pou verite yo t ap defann. 

Se petèt paske w vle pase pami lafoul, ou vle pou yo apwouve w pou w santi w moun, ou bezwen bravo pou w santi w fyè, ou bezwen yon plas pou w santi w valab, ki fè w panse fason w panse a, pozisyon w pa bon. Men an reyalite, se ou ki ka gen rezon. 

Ret nan liy ou an. Kenbe tèt ou. Reziste. Repanse. Kontinye travay. 

Mwen swete ti tan w te fè kanpe a te yon vakans. Ou t ap relakse w, defoule w. Se byen. Jodi a se jou pou w reprann mayèt la pou w pouswiv rèv ou. 

JDE

Gen plezi nan Levanjil



Ou pa oblije chache gen menm lide ak tout moun pou w santi w moun paske si w deside vin moun, se prèv pa t gen ase moun ki te ka montre yo moun. 

Nesesite pou w vin moun, viv tankou moun se yon mesaj anviwonman an voye baw pou fè w dekouvri kapasite w, valè w ak enfliyans ou ka fè sou tout moun kap rankontre w.

Sa fè lontan wap di legliz pa bon, pastè raketè, kretyen pa bay gou epi kou w fin konvèti, se yo ou vle pran pou modèl jis yon jou ou di w kite levanjil pou yo. Ou nan konfizyon. 

Anpil moun panse vin kretyen se yon kontrent, yon vi ki pral anpeche yo viv byen e eksperimante libète yo. Sa fè gen anpil moun ki pa vle konvèti paske yo poko fin pran plezi. Yo kwè aprè konvesyon lap enposib, alò yap pwofite. 

Banm ale lwen avè w jodi a pou m di w menm kriminalite, enjistis ak mond envizib la gen plezi. Tout saw fè ak kè kontan, ki ba w lajwa se plezi. Konsa, se plezi mechan an pou l tiye, plezi koriptè a pou l detounen lajan, plezi Satan pou l fè w pa sove. 

Ebyen, lè w vin kretyen, chaje plezi ladan: adore Bondye, bay sila ki nan bezwen, evangelize, anseye pawòl la, marye....gen plezi tout kote. 

Men tris diferans ki genyen nan tout plezi sa yo se lafen. Mechan an pral jije pou plezi pa l yo men w pral rejwi pou paw yo. Fin fè lemond plezi pandan w sipèsta, lè w pap mennen yo bliye w. Panse ak tout atis ki mouri nan fè moun plezi. Panse ak anpil moun rich ki tap pran plezi e ki pati kite richès yo sou kabann Lopital. 

Vin jwenn Kris zanmim pou w vin pran plezi nan Levanjil, plezi ki pap janm fini. Aprè lanmò, plezi moun ki nan mond lan fini, men nou kretyen nou pral rejwi nan Wayòm Bondye a pou tout tan, se atò pral gen plezi. 

Chape poul ou avan lanmò pase!

JDE

Papa m ki lakoz



M te fin damou byen damou mwen nan yon segonn. M te tèlman santi m ap bon, m pa t panse m t ap jwenn yon lòt moun tankou l. 

Kisa ki te pase menm? Kòman m te fè rankontre l?

Nou nan lane 2005, nan lavil Pòtoprens, nan zòn Nazon. Nou pa t rete lwen COMCEL la, tou prè yon machann pate kòde. Depi w te viv la, w ap konnen. Ebyen se la m te rankontre l, yon swa pandan l t ap sot achte fritay pou manman l. 

Limyè kamyonèt yo te ede m wè bote l pi byen. Se te tankou yon flash, yon siyal, yon siy ki t ap di m : " Men li, se li wi. Ti grenn ou t ap chache depi lontan an. Nan yon ti kadè, m te santi m disloke, lòk, pòk, kè m t ap fè tòk tòk devan l. 

M te pè men m pa t pè avanse. M te la, devan l, anfas li, tou prè l, ap gade l, souri ba li epi m di l: 

- Madmwazèl bonswa wi.

Nèg pa t twò fò nan koze, ou konnen. Li reponn mwen, men sanble l te sou san l, li genlè te sot adore Legliz osinon, bon, m pa konnen. Antouka, m tou pwofite epi m di l: 

- Se pou premye fwa m rankontre w nan zòn nan. Kòman m pa t fè remake w pou jan w espesyal. 

A, li gade m bi w, epi l souri ba w, li di m:

- Poutan, m te toujou wè w. M te konn ap gade w men m pa t janm kite m wè m. 

Tankou yon egare, m di l: 

- E vre?
- Wi, e m konn kòman w rele.
- Kisa? Manti.
- Ou rele Kaliks. 

M sezi, m kontan, m pa kwè men m byen kontan. Alò, m vin ap panse konsa:

- M te panse m ta pral pase mizè wi. Apa m tou bon. Si l gentan gen tout enfòmasyon sa yo sou mwen, sa vle di l renmen m. Pa gen dout nan sa. 

Nou pa t ap ka rete plis paske l te gentan fin achte. Avan li deplase, li di m:

- Se pa Chal ou siyen?

En en! M frikat epi m reponn tou sispèk : 

- E wi, Chal Kaliks.
- Ebyen, m se Chal Widlin. Ou gen ven lane pa vre?

O O! Fwa sa, m reponn tou tris.

- Wi, m gen ven lane. Men kòman w fè konn tout bagay sa yo de mwen? Kilès ki di w sa? 

Li di m kareman:

- Mwen se ti sè w Kaliks, pitit Chal Wadnè. 
- Kisa? Mantò! 

M pa bezwen fin di w rès istwa a. Men w ka imajine kòman m regrèt e kontan rankont sa. Papa m ki lakoz! 

M vin konprann kòman gen danje nan fè pitit pasi pala san kontwòl. Domaj papa m pa la pou m te rakonte l kòman li fè m manke fè afè ak ti sè m. 

Yon lòt fwa nou te rankontre, li di m konsa: 

- Ou pa t gentan wè m se sè w pou jan m t ap ba w tout enfòmasyon sa yo? Ou genlè te renmen m tout bon?
- Istwa sa pase Widlin. Tann mwen, ti gason sa m wè lòt bò a, se ou l ap tann la si m byen konprann?
- Men wi, li se menaj mwen.
- Menaj ou? 
- Wi, ben wi. Alò, ou te wè m bon pou renmen men w pa vle m renmen? 

Widlin tèlman rete kè m, m te vle fè twa jou jèn pou patnè sa m te wè a ta di l se frè l menm jan avè m.

Jérôme Dorsonne Emerson Jde

Jeunesse et Lecture

® 9 avril 2019
Lyankou, Latibonit

Uit (8) mwayen w ka rankontre Bondye



ENTWODIKSYON 

Kèk fwa, nan lavi, ou konn panse se yon sèl chemen, yon sèl mwayen ki genyen pou w jwenn sa w bezwen. Depi w pa ka jwenn li aprè plizyè esè, ou panse li enposib, se pa t destine w epi w reziye w nan sa w genyen an. Se konsa, ou konn ap chache Bondye, ou vle rankontre Jezi, men w pa kapab paske mwayen w itilize a pa efikas. 

Jodi a, nou pral wè uit (8) mwayen w ka rankontre Bondye nan tout egzistans ou. 

DEVLOPMAN 

1. Nan lapriyè 

Lapriyè se yon mwayen ki pi popilè moun konnen pou pale ak Bondye. Li pi fasil men li fèt pi mal tou. Bib la bay plizyè egzanp moun ki te konn rankontre Bondye gras ak lapriyè yo: Abraram, Danyèl, Pòl, elatriye. Si w pa ka jwenn Bondye nan lapriyè, ou ka jwenn li pandan w ap li Bib la. 

2. Nan lekti Bib la

Fè lekti se pran konesans de sa ki ekri. Sa ki ekri nan Bib la se sa ki te pase, sa Lespri Bondye a te enspire lòm mete sou papye pou tout lòt jenerasyon te ka konnen (Detewonòm 29.29, 2 Timote 3.16). Ebyen, pandan w ap li, li posib pou w rankontre ak Bondye nan dekouvri travay li, pouvwa li, renmen li ak pwomès li fè lèzòm. Se pandan etyopyen an t ap li, Lespri Bondye te fè Filip al jwenn li pou esplike l sa l pa konprann. E se konsa li ta pral konvèti e batize (Travay 8.26-40). Nan Som 119.105, nou wè pawòl la se chandèl pou klere chemen.

3. Nan refleksyon 

Ou ka rankontre Bondye lè w ap reflechi. Se ka pandan w ap kontanple nati a, w ap medite sou sa w wè, sa w te tande, sa k ap pase. Nan Jozye 1.8, Bondye mande pou n repase pawòl la lajounen kou lannwit. Li posib pou w gen vizyon pandan w ap reflechi. Ou ka jwenn yon revelasyon sou yon mo, yon deklarasyon, yon ansèyman, yon bagay ki te difisil pou w konprann e ki pral louvri pòt pou w rankontre Bondye. 

4. Nan kontanple mèvèy li yo

Kò w sèlman ta dwe sifi pou kontanple grandè Bondye. Mwen gen 34 lane depi kè m ap bat san kanpe. Gade solèy la k ap klere monn lan, zetwal yo ki nan syèl la, dlo lamè a ki rete san anvayi nou. Envansyon lèzòm poko janm egale sa Bondye fè. E menmsi l ta egale youn, se t ap glwa pou Bondye ankò paske se li menm ki te kreye lòm. Si w entelijan vre, pèsonn pa t dwe di w sèvi Bondye. Ou gen twòp prèv. 

5. Nan yon danje 

Pòl (Sòl) pa t janm kwè Jezi ki te mouri a te vivan nan disip yo jiskaske li rankontre l sou wout Damas (Travay 9). Avan sa, nan mitan lanmè wouj, lame farawon an te rankontre Bondye nan pouswiv pèp li a. Ananyas ak madanm li Safira te byen kontre ak Bondye nan bay manti (Travay 5.1-10). Si Pòl te epanye nan danje pa l la, gen anpil lòt ki te pèdi. Alò, pa tann se nan yon ka parèy pou w rankontre Bondye.

6. Pandan yon sèmon

Imajine twa (3) mil nanm repanti e batize aprè yo fin tande predikasyon yon grenn disip (Travay 2.14-41). Se menm jan an, ou ka rankontre Bondye nan yon mesaj. Ou pa oblije legliz pou sa fèt. Se ka nan radyo, sou entènèt, sou televizyon, nan lari, nan yon kwazad, lakay ou. Sa ki esansyèl, se tande vwa Bondye.

7. Nan yon vizyon

La a, mwen p ap pale de vizyon moun fè pou ou. Se vizyon ou genyen ou menm. Li pa enposib pou yon lòt moun wè pou ou men m vle w konnen ou ka wè tou paske Bondye konnen w, ou se youn pami 7 milya vivan ki sou tè a. Se lòm parèy nou ki vle mete baryè ant ou menm ak Bondye men depi lè Kris la fin mouri, ou lib pou w rankontre l san èd obligatwa pèsonn. 

8. Nan jou jijman an

Kapasite w pou w fè diskisyon, ekri e pale pou w di Bondye pa egziste se prèv li egziste. 1) Pa gen okenn rezon pou pale sou sa ki pa egziste sinon bay agiman pou w jistifye pozisyon w parapò ak sa w pa wè e konprann. Yon lòt moun ka jistifye pozisyon l tou, ki vin kreye yon kontwovès. 2) Sèl Bondye ki dakò lòm di sa l vle san pini l touswit. Se pa tout dirijan nan monn lan ki dakò sa, tankou Ponyong ak tout lòt diktatè yo. Se lib ou lib ki fè w ka pale, sa pa vle di w gen rezon. Nan jou jijman an, w a konprann paske pa gen moun ki p ap pase la (Revelasyon 20).

KONKLIZYON 

Gen de (2) evenman w pa ka evite nan egzistans ou: lanmò ak jijman. Gen yon sèl pou evite lanmò: pa vin sou tè sa a e gen yon sèl pou w evite jijman: aksepte Jezi. Pa vle konvèti pou w rankontre Bondye oswa rankontre Bondye pou w konvèti se CHWA w. Ou konn uit mwayen pou w fè sa. 

JDE
Like paj JDE a.
http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

Sa w panse a ak sa ki verite a se pa menm bagay


Èske sa pa konn rive w souvan w santi w ta pale, kraze, brize e menm ekspoze w anfas nenpòt danje lè w santi w gen rezon? Ou konn abitye asiste vwazinay nan zòn ou k ap joure. Yo tèlman panse sa y ap di yo se verite, yo anime katye a nan fè bri. 

Bon, èske w pa abitye patisipe nan deba, politik, espòtif oswa biblik, epi gen yon ide ki vin nan tèt ou. Pou ou, se sa l ye menm. Pa gen dout. Pa mande Bondye si gen lòt moun k ap sipòte w, deba tou kraze paske w p ap dakò pèdi. Se nòmal. Sa w santi a se yon konfizyon w genyen ant sa w panse ak sa ki verite. Ou ka korije sa si w byen li tèks sa.

Mwen pote yon ide pou ede w fè diferans sa: 

"Panse w pa toujou verite"

Panse se yon aktivite ki fèt nan lespri w. Entèlijans ou, konesans ou fè w ap reflechi sou sa ou aprann nan. W ap imajine kisa ki lakoz sa w wè a, sa w te konn wè e sa ki ta dwe fèt. Se tout refleksyon sa yo ki pral ba w enpresyon ou konprann sa k ap pase a. Ou nan faz imajinasyon, se pa reyalite. 

Imajinasyon w se kapasite w genyen nan lespri w pou w kreye e envante. Ou wè sa yon lòt pa wè epi w di se sa l ye san w pa gen prèv. Gen yon bann imaj ki pa reyèl k ap pase nan lespri w. Genyen tou ki te ka rive lontan, se kòmsi w ap reviv yo. 

Si yo te fè w sibi yon abi, ou te wè yon vòl, yon krim, ou te konn tande yon vwa, ou te viv bon moman, tout sa sifi pou kreye nan lespri w pakèt imaj ki ka menm fè w anvi fou, kouri e pote akizasyon. 

Blaise Pascal te di: imajinasyon se mèt erè ak foste. Sa vle di, majorite erè ou fè sot nan lespri w. Ou panse sa w santi a se sa, epi w eseye ou echwe. Sa yo di w la sanble vrè, ou kwè l epi defann li. Pou Blaise, imajinasyon se yon gwo pwisans, yon enmi larezon. Nan plas bon sans, ou reyaji ak emosyon. 

Pou n evite ale pi lwen, ann defini verite. Nan relijyon ak filozofi, yo defini konsa: koyerans ki genyen ant ide w la, imajinasyon w lan, panse w la ak sa w ka wè a, touche a. Se sa ki fè gen moun ki pa kwè Bondye egziste paske yo pa ka wè l.Kidonk, Bondye se pwodwi yon imajinasyon. Friedrich pral di: Bondye mouri. Poutan, pou Dostoïevski, si Bondye pa egziste tout bagay ka fèt. 

Kidonk, tout sa w pa ka pwouve, montre pa oswa poko verite. Se nan lespri w sa ye, ou menm ki panse l, men l pa fòseman verite. Pa mande si Bondye egziste, van ak kouran egziste menmsi yo envizib. 

Alò, èske w pa abitye patisipe nan deba, politik, espòtif oswa biblik, epi gen yon ide ki vin nan tèt ou. Pou ou, se sa l ye menm. Pa gen dout. Pa mande Bondye si gen lòt moun k ap sipòte w, deba tou kraze paske w p ap dakò pèdi. Se nòmal. Sa w santi a se yon konfizyon w genyen ant sa w panse ak sa ki verite. Ou ka korije sa si w te byen li tèks sa a.

JDE
Jis like paj sa a si w te apresye tèks sa a: http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

ATITID NOU ANFAS PWOBLÈM YO

Atitid ou, anfas yon pwoblèm, se fason ou 
konpòte w, mennen tèt ou, dispozisyon w pran lè li deklare. Daprè sitiyasyon an, matirite w ak etadam ou, ou ka reyaji emosyonèlman oswa rezonableman lè w devan reyalite a. 

Annou wè 7 fason nou ka reyaji lè gen pwoblèm. 

1. Atitid yon pwovokatè 

Se ou menm ki pwovoke pwoblèm nan akoz 
yon sitiyasyon kèlkonk. Ou kreye li pou nwi lòt moun oswa pou defann tèt ou. 

- Chofè a pakin machin li an nan mitan wout la
- Ti gason vwazin nan kase ponyèt li
- Twa vòlè kase kay matant mwen an

2. Atitid yon obsèvatè

Ou gade pwoblèm nan nan tout eleman li yo :
koz ak konsekans li. Ou pa entèvni pou patisipe oswa bay yon solisyon.

- Jonas wè kilès ki gen rezon men l pa di anyen
- Ou kwaze bra w ap gade de (2) timoun k ap goumen

3. Atitid yon meprizan 

Ou konnen pwoblèm nan men li pa enpòtan 
pou w pale de li alewè pou w ta pwopoze yon solisyon. Ou montre w trè endiferan e ou ka menm ridikilize pwoblèm sa. 

- Pil fatra ki nan ri w la pa di w anyen
- Yon moun ki bezwen sekou w, ou refize l sa
- Okenn pwoblèm nan zòn ou an pa entèpele w

4. Atitid yon akizatè

Lè gen yon pwoblèm, ou chache moun ki 
koupab la pou w pa montre w konsène. Poutan, anpil fwa, ou se youn nan responsab yo dirèkteman oswa endirèkteman. Moun ki gen atitid akizatè yo renmen bay eskiz. 

- Ri nan zòn an chaje fatra : meri a ki pa fè travay li.
- Zòn ou an pa gen sekirite : leta ki responsab
- Ou pa jwenn travay : peyi a pa ofri w anyen

5. Atitid yon reziye

Ou reziye w devan pwoblèm nan, ou aksepte sa w jwenn nan, sa w wè a san chache aji pou w chanje sa. Pou ou, se konsa sa te ye, konsa l dwe ye, ou pa gen anyen pou wè nan sa. 

- Bondye ka chanje sa. 
- Se konsa l ye depi lontan. 
- Ri a pa gen anyen, li pa bezwen netwaye. 

6. Atitid yon pwofitè 

W ap chache pwofi ki nan pwoblèm nan 
sèlman san sousye de koz li yo ak viktim yo. Pou ou, nenpòt chemen ou pase a bon, depi li ba w sa w t ap chache a. Ou se yon aktè tou, men aksyon w yo se pou tire benefis pou ou oswa pou yon gwoup kontrèman ak aktè a pou l rezoud li oswa anpeche l. Pwofitè yo renmen tout lòt atitid yo sof pa aktè a.

- M pral òganize yon jounen netwayaj ak pati politik mwen an, ONG m nan, asosyasyon m nan.
- Peyi a lòk, m ap monte tout pwodwi yo.
- M byen kontan pa gen kouran, m ap byen fè kòb mwen nan rechaje aparèy.

7. Atitid yon aktè

Sigmund Freud te di : « Nan kòmansman, se 
aksyon ki te genyen » pou fè nou sonje se ak aksyon Bondye te kreye tout bagay: « Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak latè a. » (Jenèz 1.1). Voltaire pral di : « N ap viv pou n fè aksyon ». Konsa, atitid yon aktè fas ak pwoblèm yo se poze aksyon pou rezoud yo. 

- M pral motive kèk jèn parèy mwen pou ramase (metòd kiratif)
- Nou pral netwaye kannal yo avan lapli a tonbe pou evite inondasyon (metòd prevantif)

Koulye a ou fin konnen 7 atitid yon moun ka 
genyen fas ak yon pwoblèm, gen de (2) bagay enpòtan pou w fè :

1. Idantifye ki atitid ou genyen fas pwoblèm 
yo
2. Aprann konnen kòman ou ka patisipe nan 
chanjman nan ou, nan fanmi w, nan kominote w

JDE

6 ETAP POU W ABÒDE YON PWOBLÈM AK POZITIVITE

Annou fè listwa!


Ou abiye jan w vle. Ou kale kò w, ou met rad ou vle e w fè sa w vle ak cheve w, gason ou fanm. 

Poukisa w rele kretyen a  tèt mare paske l chwazi kenbe kò l ak menm libète w genyen an?

Mwen pou yon sosyete kote rasta pa dwe gen pwoblèm nan je yon tèt kale. Chak moun gen dwa pou yo itilize kò yo jan yo vle. Nòmalman, m t ap toujou swete w fè l menm jan ak mwen. Men sa dwe rete nan yon swè, li pa dwe yon obligasyon ni m pa dwe jije w sou sa. 

Pou n konstwi yon sosyete kote dwa tout moun respekte, li enpòtan pou n divòse ak tout eskiz e rapèl k ap fè n regrese. 

M pa gen pwoblèm ak ou si w pa vle aksepte Jezi men pinga w wè m mal paske m ap sèvi l. Se kòmsi w pa vle m di w konvèti epi ou menm w ap rale m vin jwenn ou. Tankou, se pa w la ki pi bon. Se menm bagay la ki fèt lè nou youn ap choute sou lòt. 

Preche levanjil ta dwe senp. M gen anpil zanmi m konn pataje moso Labib ak yo san li pa aksepte Kris epi nou fini, nou kontinye zanmi. Gen twòp faktè ki lye nou nan yon kominote pou n kite yon sèl ap detwi nou: relijyon. 

Si n ap swiv mwen byen, m sipòte tout sa m kapab, san bezwen konnen si moun sa a se kretyen, vodouyizan, renmen, plase, marye, divòse. Chwa pou m ede kominote m pa chita sou kwayans yon moun, li chita sou entansyon pou m fè byen. Toutfwa, si byen sa a m ap fè a ka fè m pèdi moral kretyen mwen, m ap kite l.

M p ap kondane w pou fimen, alkòl, vodou, elt, men nan oken ka ou pa ka ankouraje m ni fòse m fè l. Lè m gade w, m pa wè fimè a, alkolik la ni sèvitè lwa a. Dabò, m wè yon kreyati Bondye tankou m, yon pechè tankou m, yon ayisyen tankou m ki ka vin sa l vle ye demen. Dayè...

M leve nan fanmi vodou. Grangranigrann mwen te manbo. M raple m se jis nan laj 19 lane yo konsa m te deside m pa pral kay bòkò ankò. M gen souvni plizyè fwa manman m konn al wè houngan ak mwen pou maladi. M pa ka konte konbyen fwa m manje kay Djeve, Wilbè, Fènan e kay Grann mwen nan manje lakou, latounen, gerizon anba peristil. Fòk mwen ta ekri yon liv pou m esplike istwa m nan koze vodou depi lè m piti rive 18-19 lane. Sa vle di m konnen anpil koze. 

Jounen jodi a, jèn ki fèt an lan 2000 yo pa konn anyen nan sa ki te konn pase Lyankou lè bòkò yo ap fete, chanpwèl. Nan Monkamèl, Djeve p ap pa voye plizyè gode degouden, dis kòb anlè pou timoun ramase. Koulye a, nou jèn jan, nou demwazèl, nou gen telefòn, nou eklere. Lontan, la a, nan Lyankou,...m p ap pale. 

Se pou m di w orijin nou pa diferan. Se la a nou tout soti depi w se vrè pitit Lyankou. Kidonk, levanjil pa ka divize nou sou plan sosyal, ekonomik ak edikatif. E li pa ta dwe posib menm sou plan politik. Se istwa nou nou pa konnen ki fè nou ka kite politik vin antre nan mitan nou e fè n dozado. M pa t leve jwenn kilti sa isit la. 

Lontan, te gen plizyè lakou: Mapou, Desten, Djeyis, Chalestan, Fènan, elt. Nou te toujou rankontre nan foutbòl, jwèt mab, domino, bann rara, pike diri. Pi gwo abiman nou se te chòt oswa eslip pou gason, kilòt pou timoun e wòb pou demwazèl. Konsa tou, si w se gason, ou ka gen yon mayo anwo do w. Se nan pita nèt ou te konn met sandal. M a gentan vin ak lòt koze.

Pou koulye a, m ta renmen tout jèn k ap grandi yo aprann listwa Lyankou anba bouch granmoun pou n pa kite relijyon ak politik divize nou. Annou toujou wè enterè Lyankou avan tout bagay. Sinon, se nou ankò k ap detwi l. 

Randevou a kase soti 12 pou rive 16 jiyè 2020, live sou Facebook, pou m pote yon bouyon enfòmasyon pou ou sou Lyankou nan tèt kole ak plizyè lòt pitit kay la ki te la. 

Si nou vle develope lakay nou, ann pa fè biznis, mizik, etidye, politik, bati kay ak legliz sèlman. Annou fè listwa. 

JDE

Senk (5) rezon ki fè tèt ansanm pa bay rezilta

|LIDÈCHIP 

Plis n ap aji san reflechi se plis aksyon nou yo p ap pote fwi. N ap swe, bouke, bay tout enèji pou anyen. Poutan, nou gen ase fòs pou n goumen, nou gen volonte men eksperyans montre nou manke anpil bagay pou n pote laviktwa menm lè nou met tèt ansanm.

M ap pataje 5 nan tèks sa a pou ou menm k ap li ka wè lòt yo.

1. Nou youn pa fè lòt konfyans

Konfyans se baz tout inyon k ap pote fwi. Se sa k fè m santi m ansekirite lè m met ansanm ak ou pou n travay. Malerezman, malgre nou ansanm, nou youn ap doute sou entansyon lòt, nou pè pou yo pa twonpe nou. Dout sa a ka soti nan jijman nou fè de pase alye nou yo, swa paske yo te echwe. Yon echèk pa defini defèt total. Okontrè, se sa ki bay eksperyans. Pou n rive ansanm, fòk nou ka padone sa ki te pase yo, sinon rankin ka kraze plan nou genyen an. Si gen dout, nou dwe chita pou n regle tout sa ki ka kreye dout. Sinon, tèt ansanm nou se yon lòt fòm divizyon.

2. Nou pa met tèt ansanm nan solidarite

Si n ap batay ansanm, nou youn dwe ede lòt. Pa ka gen vrè inite si m ap soufri pandan w ap rejwi. Vant ou plen, m grangou. Ou chaje privilèj, mwen m ap mande. Si se konsa, tèt ansanm nou an p ap dire ni pote fwi paske gen inegalite antre nou. M p ap pa ka kenbe paske m pa fòs ou genyen. Nou gen dwa pa gen menm resous men pandan tèt ansanm nou an, fòk nou youn sipòte lòt.

3. Nou pa met tèt ansanm nan renmen

Trè souvan, nou youn pa renmen lòt. Sa te fè n pa t janm dyaloge. Men, pou w atenn yon objektif, ou vle mete avèk enmi w. Otomatikman, nou nan ipokrizi paske se pa kè nou ki ini vre. Okontrè, si nou te renmen alye nou yo, konba n ap fè yo te gendwa pa t posib. Nou t ap defann yo, yo pa t ap vyole dwa yo jis pou n ta bezwen goumen pou fè respekte l. Si nou te konn panse e aji pou n manje ansanm, nou pa t ap bezwen goumen pou grangou. Renmen t ap gentan rezoud pwoblèm sa.


4. Nou pa met tèt ansanm pou nou youn pwoteje lòt

Se pa lè nou andanje pou n wè nesesite met tèt ansanm. Nou youn te dwe sekirite pou lòt avan. E malgre sa pa t konsa, si n deside ini nou, li dwe posib. Ou gen parapli pou  w evite mouye nan lapli, li pa genyen. Lè li andanje, ou pa pote l sekou. Ou gen mwayen pou w jwenn swen sante, li pa genyen. Tèt ansanm nou pa ka pote fwi.


5. Nou tout bezwen dirije

Depi gen omwen twa moun ki met tèt ansanm, fòk gen yon lidè. Depi gen yon lidè, fòk li gen moun pou l dirije. Nou tout pa ka lidè prensipal men nou chak gen yon pwen fò k ap itil nan lit la. Esansyèl la se atenn objektif la. Si nou met tèt ansanm pou n ka dirije, se pa chanjman nou vle tout bon paske se divizyon ki lakoz lidè yo pa ka bay rezilta. Yon sistèm pa yon wobo. Se yon seri eleman ki la pou n itilize pou bay rezilta. Rezilta a se prèv nou byen oswa mal itilize l.

Tèt ansanm se yon nesesite pou tout batay k ap fèt pou kolektif la, men si nou youn pa fè lòt konfyans, nou pa solidè, nou youn pa renmen lòt, nou youn p ap pwoteje lòt e nou tout bezwen dirije, nou p ap janm pote yon viktwa ki dire e benfik pou nou tout.

JDE


vendredi 26 juin 2020

Être tien ou mourir



À mesure que le temps passe 
Je me rends compte 
Que ta présence me fait défaut 
C'est un crime 
C'est anormal 
C'est la fin de ton monde 
Dans mon existence 

Pardon d'avoir cru 
Qu'il me suffisait le soleil 
Pour éclairer ma journée 
Je me suis laissé aller 
Par le vent de cette folie 
Qui rongeait ma fierté 
À l'insu de ma soif de t'aimer

Reviens
Mes yeux sont ouverts 
Ne me dis pas qu'il est trop tard
Reviens
Maintenant, je comprends 
Et je suis prêt à payer le prix 
Quitte à devenir prisonnier de tes mépris

Ma vie manque de tes secondes
Pour calculer ses minutes 
Elle manque de tes sourires 
Pour ravoir son sens 
Ton départ a été tel un séisme 
Qui a fissuré les quatre murs de mon coeur 
Il n'en reste que les décombres 

Point besoin de me conduire 
Au tribunal de tes raisons
Car ma chasse est prise en flag
Et ma conscience connait déjà la sentence 
Alors, hâte-toi d'en prendre ta revanche 
Te rester l'unique est ma seule requête 
Que je vive libre avec toi ou mourir 

JDE

Leve pou w travay

Gen kèk desepsyon y ap ba w ou pa ka pran yo anliy ni nan absans ou. Se fasafas pou w tande l. Kit w ap kriye, sezi ou tranble, se pou w rete la, de je w nan je moun k ap pale a pou w pa janm bliye jou sa, kote sa, lè sa a e jan yo t ap trete w tankou anyen. 

Pa sèlman pran plezi nan tande felisitasyon, bèl pawòl. Se pou w mare senti w pou w tande blam tou. Gen desizyon w pral pran nan vi w gras ak kèk repwòch. Gen leson w ap pran se gras ak kèk erè ou fè pou w pa janm oze reyaji konsa, reflechi konsa, pale konsa. 

Li posib pou se fyète moun ki rich e popilè yo ki motive w sèlman. Nan panse w, yo te leve yon bon maten epi yo jwenn yon ja devan pòt yo san travay. Ou ka imajine bèl mwayen w wè vwazen an genyen an se nan lavi fasil li fè l jis ou di se pa anyen, m ka fè l tou. M a rive tou. Wi, w a rive tou men pinga w panse se konsa l te rive. 

N ap viv nan yon sosyete kote egoyis anjandre barikad pou lajenès. Si w pa vle vann diyite w, 14 lane lekòl ou oswa 4 a 5 lane etid inivèsitè w la ou p ap fè okenn pa, okenn bras, okenn pwogrè. Sa fè, tchik jèn ou wè ki pase yo se krèm nan, ti ma a, ti gout la. Respekte yo, lapriyè pou yo, swiv yo. Yo pa enmi w. Si w wè yo pa ka lonje men ba w pa gen rankin kont yo paske manzè lavi tèlman fwete yo, yo pè antre nan wonn pou yo pa viktim. 

Ou gen 2 pye, yon sèvo, 2 men, 2 grenn je ak 2 zòrèy, itilize yo pou w jwenn sa w ap chache a nan bon kondisyon. Mache chache, touche tout sa w jwenn, fè tèt ou travay, gade reyalite a epi retire konplèks, tande moun ki pi gran, ki konnen, ki gen sajès pou w konn kòman lavi taye banda. 

Gen moun ki rive nan vi yo gras ak yon metye yo te aprann, gen lòt se gras ak bon zanmi, bon fanmi. Konsa tou, genyen se desepsyon yo te pran ki te fè yo dekouvri valè libète yo. Alo? Ou toujou la? W ap tande m? Ou konprann? 

Lè w konprann opòtinite w ka pwofite nan fè fas ak move sitiyasyon nan lavi w, w ap wè wout pou w pran pou w reyisi a e petèt ou va remèsye moun ou te panse ki t ap desann ou an, ki pa t respekte w la. 

Si w la toujou,  sa vle di echèk poko mete w K.O. Leve pou w travay! Ou dwe reyisi!

JDE

Cinq versets qui prouvent que Jésus était venu pour tous.


Nombreux sont ceux qui disent que Jésus n'a pas été envoyé aux africains et, conséquemment, aux haïtiens. S'ils ont des arguments pour le prouver, il y a des textes bibliques pour tuer leurs arguments et faire jaillir la lumière afin de sauver les victimes de ce mensonge largement répandu sur les réseaux sociaux. 

Voici donc cinq (5) des versets qui prouvent que Jésus a été envoyé à tout le monde. 

1. Gn 1:1 Au commencement, Dieu créa les cieux et la terre.

Assure-toi que tu es sur une autre planète n'ayant pas été par Dieu avant de croire qu'il n'a pas envoyé son Fils te sauver du péché de tes ancêtres, à savoir Adam et Ève. 

2. Jn 3:16 Car Dieu a tant aimé le monde qu'il a donné son Fils unique, afin que quiconque croit en lui ne périsse point, mais qu'il ait la vie éternelle.

Dieu n'a pas aimé un continent ou une nation, il a aimé le monde regroupant toutes les nations. Alors, si tu as choisi de périr au lieu d'avoir la vie éternelle, ce n'est pas la faute de Dieu ou de Jésus. 

3. Mc 16:15 Puis il leur dit: Allez par tout le monde, et prêchez la bonne nouvelle à toute la création.

Dans la mission qu'il a confiée à ses disciples avant son ascension, Jésus n'a pas séléctionné un continent ou les pays des blancs. Il leur a dit de se rendre par tout le monde pour prêcher l'évangile. Alors, si tu n'es nulle part dans le monde, tu as mille raisons de croire que Jésus était venu pour les blancs. 

4. Lc 24:47 et que la repentance et le pardon des péchés seraient prêchés en son nom à toutes les nations, à commencer par Jérusalem.

Il fallait commencer par un endroit et puisque Jérusalem était le centre de l'histoire, Jésus leur a dit de commencer par là, de même que cela aurait pu être en Espagne ou au Mali. Bon, je pense que si tu acceptes pas Jésus pour te sauver, cela prouve que tu as entendu le message. Et c'était l'objectif de Jésus. Quant à ton salut, cela revient à toi seul.

5. He 9:27 Et comme il est réservé aux hommes de mourir une seul fois, après quoi vient le jugement,

Je te présente Socrate en plein syllogisme: "Tous les hommes sont mortels, Socrate est un homme, donc Socrate est mortel." Majeur: Tous les hommes sont pécheurs. Mineur: Tu es un homme. Conclusion: Donc, tu es un pécheur. Alors, ne crois pas que le jugement que parle la Bible ne te concerne pas parce que tu es noir ou blanc. 

Crois-tu malgré tout que Jésus n'a pas été envoyé à tout le monde? Sinon, c'est ton choix. Si oui, repens-toi.

JDE

Pa kanpe ni dekouraje


Si m ta di w m pa konn gen anvi bay vag, konnen se manti. Men si m di w chak fwa m vle fè sa, m jwenn plis pase 10 rezon pou m kontinye, ou p ap kwè m. 

Lè w twò estrese, ou enpasyan, ou twò konsantre, ou pèdi filing travay la, ou manyen telefòn nan twòp, w ap panse ak siksè lòt moun ki te dwe dèyè w, ou estime w ap travay twò lontan, dekourajman fasil mete pye nan sa w ap fè a. 

Si youn nan ka sa yo konn rive w, se pa dekourajman pou w kite anvayi w. Se moman pou w pran yon brek, al distrè w, gade yon fim, al kay yon bon zanmi pou w pale, tanmen yon adorasyon, tande bèl mizik. Epi retounen sou tab la, sou chantye a, nan atelye a, nan jaden an, nan biwo a pou w kontinye travay. 

Si w konnen gen yon kalkilatris ki pa gen chif 0 ak 1 pou konbine pou bay 10, ou mèt bay vag imedyatman w fin li tèks sa a. Sinon, reaktive, repedale, rekòmanse oswa kontinye. Pa pale de koze kanpe ni dekouraje a menm. 


JDE

Padone fè pati konba a

Meyè fason pou w soulaje nan doulè mal la fè w la, se padone moun ki te fè l la. Kenbe l nan kè w ogmante soufrans yo chak jou. Chak fwa w panse ak pawòl sa a, kou sa a, desepsyon sa a, trayizon sa a, se soufrans ou k ap vin pi plis. 

Ou ka bezwen inyore l, evite l, fè kòmsi rankin ou ap rezoud li, men se pa vre. Sitou, lè ou se kretyen, ou ta dwe toujou evite gen pwoblèm ak moun, paske ofinal, menmsi w ta bat lestomak ou di w p ap janm padone l, ou mache fè moun pou li, ou menm tounen nan pase l pou w ka regle ak li, w ap nan obligasyon yon jou pou w padone l paske se sa Bondye te fè pou ou lè li te chwazi aksepte w malgre tout peche w yo. 

Sa pa vle di w fèb lè w padone. Okontrè, ou ase entèlijan pou w konprann rankin, vanjans p ap itil ou anyen. Ou ase fò pou w konprann mwayen ki pi fasil pou w evite plis doulè, plis chagren, plis lapèn, se kouri dèyè tout vye lide k ap fè w panse tankou mechan an. Ala kontan w ta kontan si yon malè ta rive moun ki te fè w mal la! Ala fèt ou ta fè si l ta nan yon zen, yon pèt, nan mawon! Wi, ou t ap soulaje men di tèt ou, ala kontan dyab la ta kontan si Bondye ta kondane w pou valè peche w fè anba tab, nan fè nwa! Bondye t ap jis, pa vre? Menm jan ak ou menm ki jis nan bezwen pou malè rive enmi w lan. 

Pa panse m ase timoun pou m konprann li fasil pou w padone mal yo te fè w la. Dayè, m te nan menm sitiyasyon sa plizyè fwa men se chak jou m ap mande Bondye ban m fòs pou m padone. Se pa mwen ak ou sèlman ki nan ka sa a, moun ou pa ta panse gen rankin anvayi kè yo. Ou p ap konn sa si w pa nan yon sitiyasyon, yon malè, pou w tande bri k ap fèt, fèt k ap fèt, chanpay, byè, wiski k ap koule, jis paske ou nan yon pwoblèm ki fè enmi w yo rejwi. 

Si w panse w ka goumen kont tout lespri mechan k ap fè kanaval nan lemonn, m dezole jodi a pou m di w ou echwe menm avan w kòmanse. Se sèl renmen ki ka fè w pote viktwa kont vyolans espirityèl ki kache dèyè anpil souri, bèl pawòl, bèl rad e bèl kanpay. 

Si padon te fasil, Covid-19 pa t ap fè tout dega sa yo. Mwen menm ak ou pa t ap lwen konsa. Nou pa t ap dozado konsa. Se paske listwa ki mal tounen antre nou yo kite yon rankin ki pi fò pase talan nou, diplòm nou, doktora nou, konsyans nou, richès nou, relasyon nou. Sèvo nou ase pwisan pou l kenbe anpil konesans men kè nou pa gen menm yon kilobayt espas pou sipòte moun ki fè nou mal. E se ti espas sa a ki fè anpil nan nou pa kwè Bondye egziste. Nou bay rankin plis plas, plis pouvwa, plis otorite ki fè malgre nou ansanm, lespri nou divize. 

Meyè fason pou w soulaje nan doulè mal la fè w la, se padone moun ki te fè l la. Kenbe l nan kè w ogmante soufrans yo chak jou. Chak fwa w panse ak pawòl sa a, kou sa a, desepsyon sa a, trayizon sa a, se soufrans ou k ap vin pi plis. 

JDE

Reyaksyon moun w ap dirije yo se rezilta lidèchip ou

Si legliz la te chak moun ki lakay yo san yo pa t bezwen ale nan yon kay, 200 kretyen pa t ap bezwen yon lidè. Paske, lidèchip la enpòtan kote ki gen moun san direksyon. Sa vle di, si w se yon lidè oswa ou nan plas yon lidè, direksyon fidèl yo pran an, se ou ki bay li. Si se pa sa, ou pa t janm lidè yo. Pwen final. 

Gen plizyè definisyon pou lidè. Pami yo, n ap konsidere sa a: chèf yon gwoup ki konn kòman pou l fè moun ki nan gwoup sa a swiv li. Si w ap byen etidye lidèchip Jezi, w ap remake pawòl sa yo souvan: swiv mwen, kwè nan mwen, vini, ale... Tout disip li yo te toujou obeyi l. 

Si nan yon kay, papa a oswa manman an pa ka fè pitit li obeyi l, apot Pòl, nan 1 Timote 3.4, diskalifye yon moun konsa ki ta bezwen vin chèf nan legliz la. Li pa di l pa kretyen ni la pa sove men li pa ka dirije nan legliz Kris la. Anefè, pou w vin chèf oswa lidè, toujou nan tèks sa a, apot la drese yon lis egzijans: 

1. Ou dwe san repwòch 
2. Ou dwe gen 1 sèl madanm 
3. Ou dwe yon moun serye 
4. Ou dwe konn resevwa moun lakay ou 
5. Ou dwe ka montre verite a
6. Ou pa dwe renmen bwè 
7. Ou pa dwe renmen fè zen 
8. Ou dwe gen pasyans ak kè poze
9. Ou pa dwe renmen lajan 
10. Ou dwe gen otorite lakay ou 

Jodi a, si anpil moun ki te legliz gaye, lavi y ap mennen an pa bon, nou pa dwe kouri jije yo koupab san nou pa gade responsablite nou avan. Eske nan lis 10 egzijans sa yo, ou menm ki lidè (dyak, pastè, predikatè, prezidan lajenès, prezidan dam), ou wè yo lakay ou? 

M pa ekri tèks sa a pou m jije w, ni voye monte sou ou men se pou fè w reflechi sou enpak konpòtman w, konesans ou, sajès ou nan plas ou ye a. Paske, trè souvan, nou plis wè fason fidèl yo ap mal viv, men nou pa wè si se fason n ap viv ki lakoz sa. Nou plis pale lavi kache yo san nou pa wè pa nou an. Sa pa ka kontinye konsa. Nou se lidè, reyaksyon moun n ap dirije yo se rezilta travay nou, misyon nou. 

Mwen pa kwè yo janm jije kapasite yon moun sou eskiz li, inyorans li, neglijans li ak parès li. Sa vle di, si w ap byen travay kote w ye a, se rezilta a k ap fè yo jije w. Elèv yo pa ka kreten epi pou w fò. Fidèl nan legliz yo pa Gaye agoch adwat epi w pou w bat lestomak ou di w se yon lidè, yon rasanblè. Pa gen koyerans ditou. 

Jan m toujou di l, yon paran pa ka ap di pitit li pa respekte l. Se yon desepsyon total kapital. Kòman fè pou pitit ou pa respekte w la? Se absans ou, lese ale w, mank otorite w ki lakoz sa. Kifè, irespè pitit ou genyen an se rezilta iresponsablite w. Sinon, ou pa paran, admèt sa epi fè silans. 

Lè yon elèv pa ka aprann, ou pa di l sòt. Se ou ki pa konnen pou w chanje metòd, paske chak moun gen yon Q (quotient) ki fò lakay li. Pa ka kenbe leson pa fè yon elèv kreten ni pa ka rezoud yon pwoblèm matematik pa fè l tou. Se konpetans ou ki se rezilta etid ak eksperyans ou k ap fè w konnen ki metòd pou w itilize nan tèl sitiyasyon. 

Sa fè lontan, n ap fè moun reyini legliz pou swiv leson dominikal, lapriyè, chante, tande prèch epi n a rewè dimanch. Nou dwe fè yon ti pase men nan sa e Covid-19 la montre nou nesesite a. Nou pa ta ka atann jan nou t ap adminsitre legliz la ta pral fè kretyen sou lapriyè lè pòt kay la (se pa legliz la) fèmen. Yo pa t janm gen abitid, majorite, fè sèvis lakay yo (legliz lafami). Okontrè,  gen anpil moun ki pote move non nan òganize priyè ak etid lakay yo. Yo toujou di y ap fè legliz. Ebyen, apa jodi a, se konsa l ye. Ou wè si n te kite l mache konsa pa t ap gen pwoblèm.

M pa ekri tèks sa a pou tag pèsonn men pou voye yon mesaj bay tout lidè nan legliz Kris la pou yo tou pwofite Covid-19 la pou yo chanje metòd yo. Se senp, nou pa bezwen nan fè deba ak kòlè, reyalite a montre lidèchip nou yo dwe chanje. Chanjman sa a pa ka yon pwoblèm paske li nesesè e konsekans yo evidan. 

Pou m fini, lè mwen t ap dirije legliz, mwen te kite pawòl la dirije aksyon m yo, inisyativ mwen yo. M pa di m te san kritik men omwen m te ka twonpe nan pran inisyativ men pa nan rete de(2) bra kwaze, kritike, sanksyone, voye monte. M te toujou vle wè devwa m, responsabilite m nan tout deriv. Si 2 jèn ap joure pandan m la, sa vle di prezans mwen pa enpakte yo. Di yo frekan pi fasil men reflechi sou kòman m ka evite sa difisil e se li ki dwe fèt la. 

Nan plas rete lakou ou, nan biwo w antanke lidè pou w ap di fidèl yo pa vin legliz pa serye. Yo gen kay tou, e yo bezwen pou w pase wè yo pou w konstate ak de grenn je w kòman y ap viv. Li pi fasil pou w kwè sa yo vin di w pase w chache konnen si se vre. Atitid sa a detwi relasyon pastè-fidèl la e ankouraje chit. 

Nou p ap dirije pou n detwi mouton yo. Yo sou kont nou. Se nou ki lidè yo se pa yo ki lidè nou. Se nou ki dwe egzanp pou yo, se pa envès la. Nan non Jezi Sovè nou, mwen mande pou n repanse lidèchip nou. Se pou n jene pou n wè si lidèchip nou pa responsab avan nou bay reyaksyon fidèl yo responsab. 

Kòmantè: https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=336186644034635&id=100029299054022

JDE
16 jen 2020

Kat (4) rezon ki fè w kwè nan lavi aprè lanmò



Gen pawòl ou di pou montre w pa kwè e se pawòl sa ki montre ou tèlman kwè ou pa ka wè pwofondè kwayans ou. M pral itilize tèks sa m ekri plizyè fwa pou m montre w byen kwè nan lavi aprè lanmò k ap louvri sou de lòt vi etènèl: youn nan wayòm Bondye a, lòt la nan dife a.

Devlopman

1. Li devan ou dèyè

Si lè yon pwòch ou mouri, ou di li devan ou dèyè, sa vle di gen yon kote li prale. Ki kote sa menm? Si aprè lanmò pa gen anyen, pa gen pyès kote moun ki mouri yo prale pou n ta di yo n ap swiv yo. Se paske w kwè gen yon kote ki fè w ka di sa.

2. Bondye resevwa l lakay ou

Poukisa w oblije mande Bondye resevwa yon moun ki mouri lakay li di aprè lanmò pa gen anyen? Kay Bondye a ta dwe paradi a, pa vre? E si gen kay Bondye, se paske w sipoze gen yon lòt kay ki pa lòt ke kay Satan. Kidonk, nan lanfè! Sa montre tou, tout tan w t ap di w pa kwè nan vi aprè lanmò a, ou te sou blòf. Ou byen kwè!

3. Ou pè zonbi

Bon, kòman yon moun ki fin mouri ka tounen vivan sou yon lòt fòm si lanmò se finisman tout bagay? M pa konprann. Lanmò ta dwe tou fini ak moun sa a, sof si se ta yon lespri ki antre nan li ki parèt pou li. Nan ka sa a, zonbi se t ap yon manèv lòm fè pou fè lòm parèy li kwè. Si w pè zonbi, sa vle di w kwè aprè lanmò tout bagay pa fini.

4. Ou konn rele zonbi

Poukisa si depi m mouri, tout bagay fini epi w al rele m pou w fè m pale? M toujou di mwen m t ap fè moun sa a revini. M pa di li pa egziste non, m poko wè e Bib la pale de sa. Men, kòman yon moun fè mouri epi pou l vin pale si aprè lanmò pa gen anyen? M nan gwo konfizyon.

Konklizyon

Se Bondye ki fè w ka kwè e pa kwè. Se pa ou. Li kreye w lib, e se sa k fè w pa vle esklav pèsonn. Toutfwa, libète w pa vle di w se yon Bondye tou. Ou ka mouri. Ou ka lite kont esklavaj men se pa kont mòtalite. Aprè lanmò, tout bagay pa fini. Gen yon lòt vi k ap tann ou, ke ou kwè ke w pa kwè.

Apèl

Vin jwenn Kris jodi a zanmi m pou w ka gen lavi ki p ap janm fini an. Kowona ap pase men Kris ap rete. Ou gen yon syèl pou w genyen e yon lanfè pou w epanye. Pa fè tèt di. Pa di w ap gen tan. Se jodi a menm pou w remèt Kris lavi w.

Direksyon

Ou pa bezwen yon legliz ni yon frè pou konvèti w. Kote w ye a, jan w ye a, pale ak Mèt linivè a pou w repanti e chanje direksyon nan wout ou ye a. Se pou Lespri Bondye a antre nan ou kote w ye a pou l kontinye bèl travay sa a nan ou. Amèn!

JDE
Kòmantè: https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=336841747302458&id=100029299054022

jeudi 25 juin 2020

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen?




Sijè (4)

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen? 

ENTWODIKSYON 

Ou poko tande timoun, jèn oswa granmoun k ap di w yo leve nan yon fanmi kretyen? Gen ki konn di yo fèt nan levanjil oswa legliz. Kòmkwa, sa se yon prèv yo sove oswa yo gen plis privilèj pase timoun ki fèt nan plasay oswa nan vyòl. Èske se vre? Èske w te fèt nan yon fanmi kretyen? Èske sa vle di w tou sove gras ak lapriyè paran w? 

Pou n reponn kesyon sa yo, nou pral develope pwen sa yo: 

1. Definisyon yon fanmi kretyen
2. Sans fèt nan fanmi kretyen oswa nan levanjil genyen
3. Kèk karakteristik sove 
4. Konklizyon 

Annou wè!

DEVLOPMAN 

1. Definisyon yon fanmi kretyen

Daprè yon atik ki pibliye sou Gotquestion.org (https://www.gotquestions.org/Francais/famille-chretienne.html), premye karakteristik yon fanmi kretyen se lè tout manm ki ladan (manman, papa ak pitit) se kretyen e yo gen yon veritab relasyon ak Kris ki se Sovè e Mèt yo. Depi la, nou ka tou wè pa gen fanmi kretyen san maryaj. Pou fini, si w fèt oswa ap viv nan yon fanmi kretyen, gen de (2) siy k ap montre sa: ou obeyi paran w e ou onore yo. Ou pa bezwen plis agiman pou w konnen si w ap viv oswa te fèt ladan. Pou plis detay, klike sou lyen an.

2. Sans fèt nan fanmi kretyen oswa nan levanjil genyen

Daprè lide maryaj la ki karakterize yon fanmi kretyen, ou fèt ladan si se te nan maryaj. Gwosès avan maryaj la diskitab, men anjeneral, si manman w ak papa w te kretyen, ou fèt nan yon fanmi kretyen. Toutfwa, ou pa kretyen pou sa. Ou se pitit kretyen menm jan kreyati Bondye pa vle di pitit Bondye. 

ATANSYON!!! 

1. Se yon erè lè w di w fèt nan levanjil. Menm Jezi pa t fèt nan levanjil, alewè apot yo. Jezi se levanjil la menm. 

2. Ou fèt nan legliz si manman w akouche w nan kay kote asanble a, men legliz pa matènite ni lopital. Pèsonn pa ka fèt ladan. 

3. Kèk karakteristik sove 

Sove se youn pami sijè ki kreye plis diskisyon nan legliz oswa nan deba sitou nan koze SSN nan (SOVE SOVE NÈT). Sepandan, parapò ak lafwa ou bezwen pou w sove, manman w ak papa w pa ka sove w paske sove pa yon eritaj fanmi, se gras Bondye nan Jezikri sèlman. Li pasaj sa yo pou plis detay : Jan 1.11-13, 3.16, Efezyen 2.8-9, Tit 3.15. Men kèk karakteristik sove: diven (li soti nan Bondye e depann de li), gratis (ou pa peye pou sa), etènèl (ou sove nèt), pratik (lavi w ap montre sa), envizib (se pa je ki wè sa), pèsonèl (se ou ki pou chwazi sove). 

4. Konklizyon 

Pou n fini, n ap reponn twa (3) kesyon nou te poze nan ENTWODIKSYON an sou lobedyans sijè a: 

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen? 

1. Èske se vre? 

Non. Se pa vre, paske sove pa familyal. Kidonk, nan okenn ka, papa w ak manman w te mèt adwat Jezi, yo pa ka sove w. Konpòtman yo, jan yo trete w, egzanp yo ye pou ou, fason yo te edike w daprè Pwovèb 22.6 la ka enfliyanse w, sa Alfred Kuen rele "preevanjelizasyon" men lapriyè yo oswa fidelite yo pa ka ba w lavi ki p ap janm fini an. Si w gen dout, etidye Jan 1.11-13. 

2. Èske w te fèt nan yon fanmi kretyen? 

Ou gen tout agiman posib pou w reponn koulye a.

3. Èske sa vle di w tou sove gras ak lapriyè paran w? 

Non. Si w te kwè sa, chanje lide rapid. Fidelite paran w pa kouvèti pou w viv nan peche, nan libètinay epi kou twonpèt la sonnen w ap monte. Koze sove a t ap yon veritab konfyolo ant paran w ak Bondye. Leve de men w anlè pou w bay Bondye glwa paske li pa t konsa, li pa konsa e l p ap janm konsa. Amèn!

APÈL!

Ou menm ki se pitit yon manman oswa yon papa kretyen, Jezikri ap rele w. Pa konte sou lapriyè yo paske yo pa ka sove w. Ou ka jwi anpil privilèj, tankou bous etid, anplwa, aksè nan tout byen legliz la gras ak papa w. Se nòmal, afè papa w se afè pa w men zafè sove a se zafè Kris la. Repanti. 

JDE
Pou plis mesaj, renmen paj JDE a http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

EKSPERYANS PÈSONÈL MWEN AK REZO SOSYAL

BAN MWEN RAKONTE NOU EKSPERYANS PÈSONÈL MWEN AK REZO SOSYAL

Mwen panse ke eksperyans mwen ak rezo sosyal yo ka sèvi nou gwo leson pou nenpòt nouvo pwojè nou va gen pou nou antreprann.

Ann ale vit💨
Nou an septanm 2018, lè sa mwen sou pik mwen sou facebook, 41 mil abòne, mwen fè 11 mil nouvo abòne nan yon mwa. Chak piblikasyon m se 2K, 3K like, reyaksyon yo toujou pozitiv.  Se te kèk mwa aprè mondyal 2018 la, mwen relanse feyton "barikad la", youn nan pi bèl tèks mwen ekri, anpil felisitasyon ak demand ami, map byen pase sou rezo sosyal.

Moun toujou ap apwoche m pou di m fòk mwen ekplwate rezo sosyal yo paske mwen gen yon bèl odyans. Genyen ki di si yo te nan plas mwen yo te pase. Jeneralman mwen tande konsèy yo, lè moun lan pi pwòch mwen mwen esplike l gran anbisyon m, men rezon ki fè mwen poko lanse kèk pwojè.

LESON #1 : Menm moun ki swete reyisit ou yo plis wè opòtinite pase obstak yo, echèk ou pap gen eskiz, se mete grenn pou fè sa w dwe fè a.

«Pasyans se pa chita rete tann, men se aji pandan wap tann.» Se pi gwo pawòl mwen mizik mwen tande nan vi m.
Mwen deside lanse yon pwojè ki gen rapò ak prezans mwen sou facebook, mwen fè yon piblikasyon, mwen di : «KIYÈS KI TA RENMEN JHERRY SÒTI YON LIV? »
Mezanmiiii, reyaksyon yo dechennen!!! Moun yo pran kesyon m lan pou yon nouvèl tèlman yo montre m yo tap tann sa.
KÈK NAN KÒMANTÈ YO :👇
- Moi, moi, moi
- dat pou w te fè sa brother
- map tann li
- mwen te ba w konsèy la deja wi Jherry

Depi piti se te toujou foli m (sòti yon liv).  Mwen tap bezwen 10 piblikasyon pou m esplike nou peri pesi mwen pase pou m sòti liv sa. Sitou se te premye eksperyans mwen gen yon pakèt detay teknik mwen pa metrize. Sitou mwen pa yon ekriven tankou tout lòt. Mwen pa gen yon liy, yon kanal, yon anviwonnman literè. Mwen sèlman ekri anpil epi byen nan yon lang fasil. Yo rele m ekriven mwen asime l, men mwen pa nan sèk la. Dayè mwen pa menm pran fòmasyon pou sa. Mwen gen tout kalite zanmi, sof ekriven, sa fè li te difisil pou m jwenn bon enfòmasyon pou m antame pwojè m lan.

LESON MORAL #2 : pou kont ou wap ale vit, men ak moun ou prale pi byen. Antoure w ak moun ki gen menm rèv avèk ou, konsa youn ap pwofesè oubyen elèv lòt.

Tan pase vit, nou gentan desanm 2018, objektif mwen bay tèt mwen se fen janvye 2019 fòk liv la sòti.

Tout pandan map travay, map enfòme, map fè maketin rèd, rèd. Mwen pase 2 semèn, chak maten mwen pibliye «Sonje sere 5 goud chak jou pou w ka achte liv Jherry a.» Moun yo toujou la pou ankouraje m.
- Map tann li genie
- Map vini Jhé
- Ou nap tann nèg sèvo a

Mwen toujou ap fè tès, toujou ap raple moun, men konsantrasyon m sou liv la fè m neglije poste sou facebook, sa fè odyans lan vin manke aktif, lè m fè post mwen pa jwenn menm kantite reyaksyon yo, men mwen gentan konnen ki taktik mwen pral itilize lè liv la prèske prè pou m ka aktive yo ankò epi fè piblisite.

TAN AN RE BWÈ M ANKÒ, MEN MWEN FÈ PWOGRÈ
Mwen fikse dat vant siyati pou samdi 23 fevriye 2019 gonayiv / samdi 2 mas pòtoprens.
Men mwen konsantre sou dat gonayiv la paske mwen te vle fè yon bèl aktivite ki depase kad vant siyati.
Boummmmmmmm💥 André Michel, Boplan, Boulòs ak yon ekip lòt vakabon nan swafizan opozisyon yo lòk peyi a.

Lòk la kraze feeling maketin mwen paske moun yo te gentan fokis, men ann parye mwen pa tap gentan pare. Liv mwen ekri a gen twòp volim, sa vle di twòp tèks. Mwen te oblije remanye li pou li bay yon kantite paj rezonab. Poutan tèks la pa ka modifye. Se yon lòt tèks mwen bay enprime konplètman.

Mwen pare kou a, randevou 23 mas Pòtoprens, ri chavàn, anfas Radio Television Caraïbes.

POU M TE FÈ MAKETIN
Mwen fè 41 post nan yon mwa sou paj ofisyèl mwen ak 91 post sou lòt paj mwen gen aksè avèk yo.
San konte mwen pataje chak piblikasyon nan omwen 30 gwoup paske facebook pot ko limite l.
Mwen voye mesaj bay plis pase 4000 zanmi sou messenger, mwen ekri ak tout sa ki reponn.
Mwen te gen plis pase 1500 moun nan kontak watsap mwen nan epòk la, mwen ekri tout, mwen tchat ak sa ki reponn epi mwen voye yon broadcast ba yo chak maten pou motive sou aktivite a.
Mwen gen yon gwoup watsap ki la pou ede m fè maketin menm ak anpil zanmi kap ede m fè piblisite.
Mwen fè yon spòt odyo, 7 flyers diferan koulè ak diferan fòm.
Mwen fè sa yo rele maketin pòt a pòt la, sa vle di ekri yon 100tèn moun enpòtan, di yo "FÒK OU LA WI"✋
Nan 3 dènye jou yo menm, se sa mwen fè sèlman, bay konpayi kap enprime liv yo presyon pi li ka gentan prè epi mache ekri bon zanmi ak bon fantatik grenn pa grenn.

Tout pandan map fè piblisite, malgre peyi lòk, feedback la depase pozitiv. Lè m di entèl fòk ou la wi ✋ Repons : Oh pa la le combattant.

Jiska prezan se afich piblisite sa ki sou kouvèti paj facebook mwen https://m.facebook.com/JherryHaiti/photos/a.1433967043390412/2063410230446087/?type=3&source=54&ref=bookmarks

Pi gwo pwoblèm mwen se paske mwen pat gen ase lajan pou m enprime liv pou tout moun ka jwenn paske se 300 mwen bay fè. Men mwen di yo vini kanmenm, si liv la fini mwen gentan prepare yon bout pawòl pou sa ki pap jwenn yo.

Lè mwen al pran liv yo se 120 yo remèt mwen, lè m prèske toufe ak kòlè se dlo yo vide sou mwen :
1) misye fè m pèdi yon lavant
2) gade yon wont mwen pral pran ak pil moun sa yo ki pral debake vin sipòte Jherry le combattant

Vant siyiti fèt pandan jounen demen an nòmalman, te kwè mwen vann 16 liv, 3 ladan yo se kredi😀

MWEN KANPE LA✋ MWEN PAP DI ANYEN ANKÒ

mercredi 3 juin 2020

TI KOZE AK PIT FI M


Pa konprann kisa renmen ye fè jèn yo pran renmen pou plezi e san kontwòl. Kòm nan tout plezi gen danje, paran yo wè renmen se youn nan relasyon ki ka lakoz pitit yo echwe. Se yon verite, men li t ap pi bon si chak papa, chak manman te pran pitit yo, sitou ti fi yo, pou eksplike yo kisa renmen ye, avantaj ak dezavantaj ki ladan. Malerezman, nan lespri pou pwoteje yo, yo lakoz yo fè move chwa.

Nan anpil istwa mwen ekri, mwen toujou vle fè wè renmen pa yon pwoblèm ni yon peche. Se dwa tout moun ki egziste. An menm tan, mwen souvan montre danje ki gen ladan, sitou lè yon jèn chwazi fè l ankachèt e antre nan relasyon seksyèl avan li marye. An gwo, lè n ap reflechi, nou wè se pa renmen twò bonè a ki pwoblèm vre men se konsekans la parapò ak mank matirite. Se pa fè sèks la ki pwoblèm men se konsekans la, sitou maryaj fòse, gwosès avan lè, parapò ak preparasyon pou pran swen timoun ki fèt la.

Nan yon sosyete tankou Ayiti kote to natalite ak mizè ap ogmante chak peryòd, gwosès prekòs vin youn nan koz majè, paske si pa gen twòp timoun pou ale lekòl, p ap genyen ki pa prale. Konsa, leta, malgre li pa pran responsablite li nèt nan sans sa a, jan li ekri nan Atik 32.1 an, t ap gen plis mwayen pou l pèmèt plis timoun ale lekòl. Malerezman, se menm rezilta pa ale lekòl la ki ogmante pwoblèm pa ka eskolarize timoun k ap fèt nan move kondisyon.

“Ti koze ak pit fi m” se plis yon ti liv, plis yon dyalòg ant yon papa ak pitit fi l, plis sis tèks pou pale de renmen. Se yon vwa k ap pale pou papa yo, yon vwa k ap pale ak pitit fi kou pitit gason yo pou fè yo konnen yo gen dwa renmen, men si yo pa tann lè yo pou fè sa, dwa sa ka trase wout echèk yo.

Nan lòt peyi ki devlope yo, tankou Etazini, renmen pa yon sousi pou paran ni sa pa enkyete leta paske pandan yon jèn fi renmen, li ka ale lekòl, li jwenn inivèsite, li ka travay e leta pran responsablite l kòmsadwa. Sa fè, menm si li ta rive tonbe ansent twò bonè, se pa yon mal paske pitit la ap jwenn tout kalite swen nesesè.
Se diferan nan peyi sou devlope yo, tankou Ayiti, kote gen mwens chans pou yon jèn reyisi lè li paran bonè nan chomaj. Lè nou fè yon ti kout pye nan anpil zòn andeyò, nou remake anpil jèn fi, soti laj 15 pou rive 20 lane, gen pou pi piti yon pitit. Daprè yon atik sou LoppHaiti (20 me 2019), sou chak 100 jèn fi an Ayiti, gen 21 ki dja manman oswa ansent nan laj 19 lane. Nan menm sous sa a, yo endike avan 15 lane, gen sou chak 100 ti fi, gen 13 ki gentan nan fè sèks.

Trè souvan, fè pitit se pi gwo okipasyon jèn manman sa yo, pi gran rezilta yo, pi gwo mizè yo. Y ap leve timoun pou yon sosyete ki pa t prepare yo pou sa. Yo alafwa viktim e responsab. Yo inosan, yo antò men yo se pitit sistèm nan tou.

Devan tout reyalite sa yo ak anpil lòt nou p ap ka site la, se plis yon dwa pou nou itilize tout mwayen posib pou n eseye touche jèn sa yo. Nou p ap ka rezoud pwoblèm yo nèt, mwen konsyan, men nou ka redwi konsekans yo e prepare yon lòt jenerasyon k ap gen pou pran desten Ayiti an men.

Tèks ou pral li yo pa t janm rive nan reyalite. Se pa istwa yon moun espesyalman mwen rakonte ni mwen pa ekri pou m soulve okenn jèn kont paran yo ki se viktim sistèm nan tou. E se sa ki fè y ap viktim tou. Konsa, nan lide pou konsyantize chak jèn fi ak jèn gason, liv sa ekri pou di anpil koze kèk paran p ap oze di pitit yo akoz pwoblèm tan oswa kouraj.

Anpil moun bliye si renmen soti nan Bondye. Kit renmen ou gen pou li, pou lanati, pou paran w ak pou zanmi w soti nan Bondye. E si se pa t renmen, kòman pitit t ap fèt ? Mwen menm ki ekri a ak ou menm k ap li a se rezilta yon relasyon seksyèl. Yon jou, yon aswè, yon kote kèlkonk, yon fanm te rankontre ak yon gason epi yon mwa aprè, fanm nan tonbe ansent. Se li ki manman mwen, se li ki manman w. Pa gen fanmi san manman, papa ak pitit e pa gen sosyete tou san fanmi.

Si nou toujou wè moun, se paske sèks toujou fèt. Jezi te vin mouri pou l sove nou men chak moun l ap sove te fèt gras ak sèks. POUKISA NOU PA KA RENMEN? POUKISA NOU DYABOLIZE SÈKS?

POUKISA NOU PA DI TIMOUN YO VERITE? Y ap grandi, y ap reflechi, y ap konprann e se yo k ap ranplase nou demen. Ki kalite granmoun nou prepare pou yo vin ye demen?

Kwake li adrese ak pitit fi, Ti koze ak pit fi m se pou tout gason, tout paran, tout fòmatè, tout pastè, tout prezidan lajenès nan legliz, tout animatè nan sant kiltirèl.

Mwen pa sispann fè pa m nan, sekle ran pa m nan, fè devwa m daprè kapasite m genyen. Si pa gen rezilta, m pa responsab paske se ansanm pou n rive fè tout sa k ap patisipe nan chanjman an.

San move entansyon!
JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...